Catégorie : Sociologie politique

  • MIZÈ PA YON FATALITE, SE YON ESTRATEJI

    MIZÈ PA YON FATALITE, SE YON ESTRATEJI

    Gen moman nan lavi yon pèp kote kesyon yo vin pi enpòtan pase repons yo. Se pa kesyon fasil, ni kesyon ki fèt pou konfò. Se kesyon ki fouye nan fondasyon sosyete a: Ki verite n ap viv? Ki prensip k ap gide nou? Ki kalite jistis nou tolere? E sitou, kiyès ki benefisye de sistèm nou an?

    Filozofi anseye nou yon bagay senp men difisil: pa gen okenn lòd sosyal ki natirèl; li toujou konstwi, soutni, epi pafwa pwoteje pa enterè. Lè nou obsève reyalite politik la, nou pa dwe sèlman gade aksyon dirijan yo, men nou dwe kesyone lojik ki soutni sistèm nan. Paske pouvwa pa egziste nan vid; li òganize, li distribye avantaj, li kreye inegalite oswa li korije yo.

    Reflechi sou politik se pa yon zak opozisyon sistematik; se yon zak konsyans. Lè yon pèp sispann kesyone, li sispann egziste kòm sijè istorik. Lè li aksepte san analize, li abdike dwa li pou chanje desten li. Se poutèt sa refleksyon filozofik pa yon liks entelektyèl; li se yon nesesite sivik.

    Tèks sa a chache mete limyè sou relasyon ant prensip ak pratik, ant diskou ak reyalite, ant pouvwa ak responsablite. Paske chanjman pa kòmanse nan lari sèlman; li kòmanse nan panse. E depi panse a klè, kesyon pouvwa a vin inevitab.

    Mizè kòm mekanis kontwòl

    Mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik. Li kapab tounen yon zouti politik. Michel Foucault esplike nan siveye e pini ke pouvwa a pa egzèse sèlman ak fòs, men atravè jesyon lavi moun ak popilasyon yo. Sa fè nou konprann ke povrete a kreye depandans e depandans fasilite kontwòl. Yon pèp k ap goumen pou siviv: pa gen tan pou l òganize politikman, pa gen mwayen pou l konteste, li vin vilnerab devan pwomès. Mizè vin tounen yon enstriman pou gouvènabilite.

    Nan menm sans sa a nou ka wè mizè kòm kapital elektoral, nou pa sèlman ap denonse pratik koripsyon senp lan. Nou ap analize yon mekanis ki pi rafine, pi pwofon, kote povrete vin tounen yon resous politik estratejik.

    Nan lojik klasik pouvwa a, jan Nicolas Machiavel montre nan Le Prince, objektif prensipal yon dirijan se konsève pouvwa li. Moral la vin segondè devan kesyon estabilite ak kontwòl. Si nou mete prensip sa a nan yon kontèks kote majorite popilasyon an ap viv nan ensekirite ekonomik, nou konprann kijan mizè ka transfòme an avantaj elektoral.

    Mizè kreye depandans. Depandans kreye lwayote fòse. Lè sitwayen an pa gen aksè garanti a travay, edikasyon, swen sante, oswa kredi, li oblije chache pwoteksyon. Men pwoteksyon sa a pa soti nan enstitisyon solid; li soti nan relasyon pèsonèl ak moun ki gen pouvwa. Se la kliyantelis la pran nesans li nan politik la. Politik la vin pa fonksyone sou baz pwogram, men sou baz favè. Olye Leta konstwi dwa inivèsèl, li distribye benefis selektif. Sa kreye yon sik kote politisyen an pa bezwen rezoud mizè a, li sèlman bezwen jere li, epi aktive li nan moman elektoral.

    Nan tewori demokrasi a, vòt la se yon zak konsyans. Men nan kontèks mizè ekstrèm, vòt la vin tounen yon zak siviv. Lè yon moun ap lite pou manje chak jou, kesyon idewolojik pase nan dezyèm plan. Pwomès imedya yo gen plis pwa pase pwojè k ap pran tan. Yon sak diri, yon ti lajan, yon pwomès djòb vin gen plis valè pase refòm estriktirèl ki ka pran ane pou bay rezilta.

    Se pa paske pèp la pa entèlijan. Se paske ensekirite ekonomik la limite libète chwa li. Filozofikman, sa poze yon kesyon fondamantal: èske gen vrè libète politik san sekirite ekonomik?

    Sistèm nan pa gen objektif elimine mizè vreyèlman, men estabilize li nan yon nivo ki itil politikman. Si mizè a disparèt, depandans lan diminye, panse kritik fè aparisyon li, sitwayen yo kòmanse mande kont, pouvwa a gen pwoblèm. Men si mizè a kontinye, popilasyon an rete nan enkyetid, relasyon favè yo kontinye, sik elektoral la repwodwi menm aktè yo. Se konsa mizè vin tounen yon kapital: li pwodwi vòt, li pwodwi lwayote, li pwodwi silans.

    Kesyon an pa sèlman politik; li moral. Lè yon sistèm sèvi ak frajilite moun pou garanti pouvwa li, li antre nan yon kontradiksyon ak prensip jistis la. Pouvwa ki ta dwe sèvi byennèt kolektif la vin sèvi pwòp pèmanans li. Sa fè demokrasi a tounen yon fòm san esans.

    Mizè ka sèvi kòm kapital elektoral sèlman jiskaske li depase yon sèten nivo tolerans. Lè fristrasyon kolektif la vin pi fò pase depandans la, lojik la kraze. Depandans ka tounen revòlt. Se poutèt sa kesyon fondamantal la rete: Èske objektif politik la se diminye mizè, oswa optimize li?

    Mizè kòm distraksyon kolektif

    Mizè pa sèlman fè moun soufri; li okipe lespri yo. Lè yon sosyete plonje nan ensekirite ekonomik ak alimantè an pèmanans, enèji kolektif la deplase soti nan kesyon estriktirèl pou rive chita sou preyokipasyon imedya. Refleksyon sou sistèm nan ranplase pa batay pou siviv chak jou.

    Daprè Karl Marx, kondisyon materyèl lavi yo enfliyanse konsyans moun yo. Lè bezwen debaz yo pa satisfè, kapasite pou devlope konsyans kritik la diminye. Moun ki ap chache manje, dlo, travay oswa sekirite pa gen tan pou analize bidjè leta, lwa, oswa estrikti pouvwa. Sa kreye yon efè distraksyon kolektif; kesyon prensipal yo ranplase pa ijans, analiz ranplase pa reyaksyon, òganizasyon ranplase pa siviv. Nan sans sa a, mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik; li vin tounen yon baryè entelektyèl.

    Laperèz kòm bri pèmanan

    Nan lojik politik, distraksyon pa toujou fèt ak amizman; pafwa li fèt ak laperèz. Thomas Hobbes montre nan Le Léviathan ke laperèz ak dezòd pouse moun aksepte otorite.

    Lè mizè pwodwi pèdi djòb, ensekirite, vyolans, grangou, sosyete a antre nan yon eta tansyon pèmanan. Tansyon sa a anpeche refleksyon kalm. Moun chache estabilite anvan yo chache jistis.

    Lè pè a domine espas piblik la, kesyon sou responsabilite politik vin segondè, kesyon sou sekirite imedya vin prensipal. Se konsa mizè a transfòme laperèz an distraksyon, li retire atansyon sou rasin pwoblèm yo pou konsantre sou sentòm yo. Li lide sa a, mizè fragmante sosyete a. Olye li ini moun kont inegalite, li mete yo an konpetisyon pou ti resous ki ra. Lè chak moun ap lite pou tèt li, solidarite kolektif la febli.

    Sa gen kòm konsekans anpeche mouvman yo òganize, li kraze konsyans kolektif, li redwi kapasite pou mande chanjman estriktirèl. Kidonk, mizè a vin sèvi kòm yon ekran: pandan popilasyon an ap lite youn kont lòt pou siviv, kesyon sou sistèm ki pwodwi mizè a rete nan lonbraj.

    Mizè kòm jistifikasyon politik

    Mizè pa sèlman sèvi pou kontwole oswa pou achte konsyans; li sèvi tou kòm diskou. Li vin tounen yon agiman, yon eskiz, yon zouti retorik pou jistifye echèk, reta, oswa absans vizyon. Gen yon fòm diskou ki repete souvan nan sosyete a ki frajil:«Nou pa kapab fè plis, paske peyi a twò pòv. Nou eritye yon sistèm ki kraze, se kriz la ki anpeche nou aji».

    Nan aparans, agiman sa yo sanble lojik. Men kesyon filozofik la se: Èske mizè eksplike tout bagay, oswa èske li kache responsablite? Lè mizè vin yon eksplikasyon inivèsèl, li vin retire kesyon sou konpetans, sou priyorite bidjè, sou move jesyon, sou koripsyon. Li transfòme kesyon politik yo an kesyon fatalite.

    Nan refleksyon sou pouvwa, Hannah Arendt te montre kijan kriz kapab itilize pou nòmalize sitiyasyon eksepsyonèl. Lè yon sosyete viv nan kriz pèmanan, li fini pa aksepte feblès enstitisyonèl yo kòm nòmal. Mizè vin tounen yon klima pèmanan ki jistifye inaksyon. Nan sans sa a, lè mizè sèvi kòm jistifikasyon, echèk pa parèt kòm rezilta move chwa; li parèt kòm inevitab. Sa gen yon efè danjere sou konsyans kolektif la: sitwayen yo bese nivo atant yo, medyokrite vin akseptab, responsablite pèdi fòs li.

    Politik la pa mezire ankò selon kapasite li pou transfòme reyalite, men selon kapasite li pou jere kriz la san li pa eksploze. Objektif la pa devlopman, men estabilizasyon mizè a. Sa kreye yon kilti tolerans anvè feblès. Olye kesyon an vin: Poukisa nou pa avanse?, li vin: Ki jan pou nou siviv ak sa nou genyen?

    Gen yon lòt dimansyon mizè a mete an sèn. Nan analiz sosyete modèn yo, Guy Debord montre nan La Société du spectacle kijan reyalite kapab tounen espektak. Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm; li vin yon imaj ki sèvi pou konstwi lejitimite. Vizit ofisyèl nan katye defavorizeyo, distribisyon èd devan kamera, diskou dramatik sou soufrans pèp la, tout sa kreye yon naratif kote dirijan an parèt kòm sovè, menm si estrikti ki pwodwi mizè a pa chanje. Se pa rezolisyon pwoblèm nan ki vin santral; se jesyon imaj la.

    Mizè kòm sistèm òganize

    Lè mizè a dire twò lontan, li pa kapab eksplike sèlman pa aksidan oswa move chans. Li kòmanse pran fòm yon estrikti. Sa vle di, li antre nan fonksyònman nòmal sosyete a.

    Mizè kòm sistèm òganize pa vle di gen yon reyinyon sekrè kote tout moun dakò pou kenbe popilasyon an pòv. Li vle di estrikti ekonomik, edikatif, jidisyè ak politik yo pa fèt pou kraze inegalite yo, yo repwodwi yo. Sosyològ Pierre Bourdieu montre kijan inegalite repwodwi atravè kapital ekonomik, kapital kiltirèl, ak aksè privilejye ak resous yo. Sa vle di, lè edikasyon piblik la fèb, jistis la pa aksesib pou tout moun, kredi ak opòtinite rezève pou yon minorite. Rezilta a, timoun pòv yo gen plis chans rete pòv, pandan privilèj sikile nan menm fanmi oswa menm gwoup yo. Nan yon sistèm konsa, mizè pa yon epizòd; li vin nòmalite. Li vin yon eta pèmanan kote diferans sosyal yo fije. Mizè a vin parèt kòm desten olye li parèt kòm konstriksyon sosyal.

    Gen yon lòt dimansyon ki pi delika: mizè a kapab pwodwi pwòp ekonomi pa li. Nan kèk kontèks, povrete atire: pwogram asistans, ONG, finansman entènasyonal, kontra piblik, pwojè ijans ki repete. Èd sa yo ka nesesè. Men kesyon fondamantal la se: èske yo bati kapasite dirab, oswa èske yo antreteni depandans?

    Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm sosyal; li vin yon sous finansman pou kèk aktè. Se sa ki fè kesyon an vin politik e moral. Èske objektif la se fè mizè diminye, oswa jere li pou li rete yon antrepriz?

    Lè ekonomi yon peyi depann plis de asistans pase de pwodiksyon, souverènte ekonomik la febli. E lè souverènte febli, kapasite pou pran desizyon endepandan yo diminye. Se konsa mizè ka vin tounen yon mache, yon espas kote anpil moun touche pandan popilasyon an kontinye soufri.

    Èske mizè k ap ravaje sosyeye Ayisyèn nan diferan de mizè global la ?

    Lè n ap gade mizè k ap ravaje popilasyon ayisyèn nan, nou kapab di se konsekans yon ansanm desizyon ki mete popilasyon an nan kondisyon li ye a. Listwa nou montre nou ke zansèt nou yo te gen yon gran vizyon pou zile sa.

    Ayiti pa t fèt pòv. Li te fèt lib. Nan lane 1825, anba presyon Lafrans ak wa Charles X, Ayiti oblije peye yon gwo dèt pou ansyen kolon yo. «Indemnité» sa a senyen ekonomi an jis jounen jodi a. Men listwa pa sifi pou esplike prezan an. Asasinay Anperè Jak Premye an 1806 make kòmansman lit pou pouvwa. Diktati François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier, laperèz vin tounen sistèm. Yo pa janm konbat mizè a, yo itilize li. Yon pèp pòv depann de Leta. Yon pèp ki pè pa konteste. Nou pa pitit mizè.

    Nou se pitit Vètyè. Mizè pa idantite nou, li se trayizon istwa nou.

    Si mizè pa yon fatalite men yon estrateji, repons lan pa ka limite ak chanjman dirijan oswa ak pwomès elektoral. Vrè solisyon an mande yon transfòmasyon pi pwofon: konstwi Ayisyen pou rebati Ayiti. Paske okenn nasyon pa ka panse pi wo pase nivo konsyans, karaktè ak vizyon sitwayen li yo. Si sistèm nan te itilize mizè pou kontwole, pou distrè, pou jistifye echèk oswa pou repwodwi inegalite, se pa sèlman estrikti yo nou dwe korije, men se lespri nou tou nou dwe refòme.

    Pou kwape lamizè nan peyi a, nou dwe fòme yon Ayisyen ki gen konsyans kritik, ki pa p vann vòt li pou siviv, ki mande rann kont, ki konnen dwa li epi ki pare pou defann yo. Yon Ayisyen ki pa aksepte mizè kòm nòm, ki pa tolere medyokrite kòm desten, ki konprann diyite pa negosyab. Se nan lekòl, nan legliz, nan fanmi, nan inivèsite, nan medya ak nan tout espas piblik yo konstriksyon sa a dwe fèt.

    Référence

    ARENDT, Hannah. Essai sur la Révolution. Paris: Gallimard, 1985.

    BOURDIEU, Pierre; PASSERON, Jean-Claude. Les Héritiers: les étudiants et la culture. Paris: Minuit, 1964.

    DEBORD, Guy. La Société du spectacle. Paris: Buchet-Chastel, 1967.

    FOUCAULT, Michel. Surveiller et punir: naissance de la prison. Paris: Gallimard, 1975.

    HOBBES, Thomas. Léviathan. Londres, 1651.

    MAQUIAVEL, Nicolau. O Príncipe. Tradução de Maria Lúcia. 18. ed. Rio de Janeiro: Paz e Terra, 1996.

    MARX, Karl. Manuscrits de 1844: économie politique et philosophie. 1844.

    Imaj jenere avèk IA.


    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Tete dèyè a pou mwen!

    Tete dèyè a pou mwen!

    Pou anpil nan nou ki pat gen chans jwi Ayiti pa m nan, vakans pa m nan, andeyò pa m nan te diferan, Ayiti pa m nan kontinye diferan.Nan tan pase a, gen yon moman nou tout t ap veye, nou te rele l gran vakans, ou byen vakans 3 ( twa) mwa. Se te moman pou paran nou yo voye nou al pase vakans ak grann ou byen tonton. Pa gen pi bèl moman ke sa.

    Lè w rive jwenn grann se tankou yo voye w al angrese pou w tounnen. Sa k bèl la se lè w rive an pwovens lan. Tout bagay natirèl : patat la, manyòk la, kann nan, militon an, joumou an, elt… Yonn nan souvni ki plis make m se “tete deyè a” kisa ki tete dèyè a ? Lè n rive an pwovens, premye bagay yo fè se fèmen bèf la pou w ka jwenn lèt pou w bwè.

    Fèmen bèf la, se pran manman bèf la e ou sere l yon kote pandan 2 ( de) jou pou ti bèf la pa jwenn li. Men, fòk ou ba li bra banann pou l ka bay anpil lèt. Souvan, nou sere bèf la lwen dèyè mòn yo oubyen nou pase anba gwo jaden kafe yo pou desann nan ravinn nan pou nou sere bèf la.

    Lè manmèl bèf la kòmanse plen epi tete yo tire, l ap fè gwo bri tankou mouuuu, se sa k fè ou dwe sere l lwen pou ti bèf la pa tande. Konsa tou, gen ti bèf ki konn rive jwenn manman an. Lè sa a rive, ou travay anven.

    Gen twa lè ki toujou priyorite pou w al tire bèf la. Se nan maten bònè oubyen nan 2 ( de) zè aprè midi oubyen nan lanjelis. Pou mwen, meyè lè a se nan 2 zè a, lè solèy la cho.

    Gen 2 fèmen bèf : yonn pou w tire lèt la pou bouyi pou tout moun e yon lòt pou w bwè lèt la tou kri anba manmèl la.

    Lè se pou bouyi a, nan tire lèt la ou jwenn lapòy la. Kisa ki lapòy la? Lapòy la se lè ti bèf la konte 4 ( kat) tete yo yon premye fwa, epi ou tire lèt ki pral lakay la pou bouyi a. Aprè ti bèf la vinn rekonte ankò, se sa a yo rele lapòy.

    Mwen sonje kòman sa te ye. Mwen te gen 2 ( de) tontonm plis yon kouzenm, lè yo fèmen bèf la pou nou bwè lèt kri a, chak moun te gen yon tete. Men, mwen se toujou tete dèyè a paske li gen plis lèt epi li gen yon ti gou dous. Plezi ki genyen an se bwè anba manmèl la pandan gen yon radyo k ap jwe ki sou ginen k ap pase mizik samba yo. Nou pat janm al tire lèt la san radyo sa a.

    Anpil fwa, bèf la konn mechan, sa vle di nan tan pou w mare 2 ( de) pye bèf la ti bèf yo konn fè w fè anpil defisi. Yo konn gentan bwè pi fò lèt la. Toutfwa, mwen sonje yon jou jedi nan aprè midi, se te mwen ak tontonm sèlman ki t al tire bèf la. Pandan m ap souse tete dèyè a, bèf la te manje yon kòdagrenn. Kòdagrenn nan se yon zèb ki fè bèf la gra. Li konn menm pa ka fè pitit ankò pou twòp grès. Pandan tete dèyè m nan bouch mwen, se santi mwen santi yon bagay cho ap vide sou mwen, bèf la poupou sou vizaj mwen. Mwen oblije netwaye vizaj mwen ak ke bèf la epi tire lèt bèf la pou m lave vizaj mwen. Lè sa a, mwen santi lèt bèf kote m pase. andedan m se lèt, deyò m se lèt.

    Se te yon bèl moman, e lè sa a fòk ou pote yon ti dlo pou w lave manmèl bèf la, tete yo, epi pou w siye yo ak ke bèf la. Anplis, dwe gen yon moun ki kenbe ti bèf la pandan yonn nan nou ap bwè lèt la. Men lòt bèl moman ki te genyen ankò, se mwen ki te pi piti, sa vle di lè yo finn tire lèt ki pral bouyi a, yo banm pran yon tete epi pi gran yo rete, e m pran galon lèt la pou m pote lakay.

    Sa w dwe konnen tou, nan bouyi lèt la konn gen diskisyon. Li te konn fèt pou 2 ( de) bagay : kim lèt la ak graten lèt la. Mwen menm se kim lèt la ki entèrese m. Mwen ak louch mwen nan menm m ap veye lè lèt la moute, sa vle di li fè kim pou m pase louch la pou m pran kim lèt la pou m bwè. Souvan, si m jwenn kim nan graten an se pou kouzenm nan e si kouzenm nan jwenn kim nan graten an se pou mwen.

    Tete dèyè a manke m anpil paske se te yonn nan bagay ki te ba w anvi al pase vakans. Ti bèf yo manke m paske te gen yon relasyon ant men w ak tèt ti bèf yo lè w ap fè l konte tete yo. Diskisyon anba manmèl la manke m paske anba vant bèf la se te yon konbit ant neve ak tonton epi kouzen, pafwa zanmi. Anba vant bèf la te gen yon relasyon egal ego. Mwen te gen chans viv anba bèf la. Mwen te gentan jwi ti bèf la. Mwen espere jenerasyon k ap vini yo ap jwenn tete pa yo a.

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Le jour où l’ennemi cessera d’exister en Hayti: chronique d’une société qui gagnera enfin sa plus grande bataille, celle de l’intérieur.

    Le jour où l’ennemi cessera d’exister en Hayti: chronique d’une société qui gagnera enfin sa plus grande bataille, celle de l’intérieur.

    Dans quelques années, il n’y aura plus d’ennemis en Hayti. Ni ennemis intérieurs, ni ennemis importés. Plus d’ingérence déguisée en aide, plus de traîtres travestis en élites, plus de divisions savamment entretenues pour affaiblir notre conscience collective. Il n’y aura que des Haytiens debout, lucides, réconciliés avec eux-mêmes et avec leur mission historique.

    Cette affirmation peut sembler naïve à ceux qui ont fait du pessimisme une profession, à ceux qui vivent de la désespérance du peuple, à ceux qui ont intérêt à ce qu’Hayti reste un champ de ruines morales et politiques. Pourtant, c’est précisément dans les moments les plus sombres que naissent les visions les plus justes.

    Hayti n’a jamais manqué de courage. Elle a manqué de clarté. Clarté sur qui nous sommes. Clarté sur qui sont nos véritables ennemis. Et surtout, clarté sur le fait que l’ennemi le plus durable n’a jamais été l’autre Haytien, mais la division implantée dans nos esprits.

    Pendant trop longtemps, on nous a appris à nous méfier les uns des autres. Nord contre Sud. Ville contre campagne. Diaspora contre pays natal. Pauvres contre pauvres. Pendant que nous nous affrontions, d’autres décidaient pour nous. Pendant que nous nous soupçonnions, d’autres nous dépouillaient. Mais cette époque touche à sa fin.

    Une nouvelle conscience est en train d’émerger. Silencieuse, profonde, irréversible. Une conscience qui comprend que l’ingérence étrangère ne prospère que là où la division règne. Une conscience qui sait que la trahison n’est possible que lorsque la mémoire collective est faible. Une conscience qui refuse d’être manipulée par la peur, l’ethnicisation des conflits ou la politique de la haine.

    Comme le disait Manuel dans Gouverneurs de la rosée de Jacques Roumain:« Il n’y aura plus d’ennemis à Fonds-Rouge. » Cette phrase n’est pas un simple espoir littéraire. C’est un programme politique, moral et spirituel. À Fonds-Rouge, l’ennemi n’était pas l’autre paysan, mais la sécheresse et l’ignorance imposée. La réconciliation n’est venue ni par la force ni par la vengeance, mais par la prise de conscience d’un destin commun.

    Hayti est aujourd’hui le Fonds-Rouge à l’échelle nationale.

    Notre sécheresse, ce n’est pas seulement le manque d’eau. C’est la pénurie de sens, la famine de vision, l’absence de projet collectif. Et notre source ne viendra ni des chancelleries étrangères ni des solutions importées clé en main. Elle jaillira de notre capacité à nous reconnaître comme un même peuple, porteur d’une même responsabilité historique. Dans quelques années, il n’y aura plus de traîtres, parce qu’il n’y aura plus d’espace pour la trahison. La trahison meurt là où le peuple est éveillé.

    Il n’y aura plus d’ingérence, parce qu’un peuple conscient est ingouvernable de l’extérieur. Il n’y aura plus de divisions, parce que la division cesse lorsque la mission est claire. Il y aura simplement des Haytiens conscients. Conscients que 1804 n’était pas une fin, mais un commencement. Conscients que reconstruire Hayti commence par reconstruire l’être haytien. Conscients que notre plus grande révolution à venir n’est ni militaire ni électorale, mais mentale et morale.

    Ce jour-là, l’ennemi disparaîtra, non pas parce qu’il aura été vaincu par la violence, mais parce qu’il aura perdu toute prise sur nous. Et alors, comme à Fonds-Rouge, l’eau recommencera à couler.


    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Nan mitan yon swadizan elit kap eseye danse sou simityè verite, Thòy’Art dwe sakrifye.

    Nan mitan yon swadizan elit kap eseye danse sou simityè verite, Thòy’Art dwe sakrifye.

    Kiyès ki pa konnen nou nan 2025 men, nan kè kapital peyi d Ayiti, se nan sachè nwa moun yo ap fè bezwen yo? Kiyès ki pa konnen se dèyè machin anpil Ayisyen ap veye pou fè bezwen yo ? Nou pa konnen tou se anba zakasya moun chita pou rezoud pwoblèm yo.

    Kisa ki twalèt pou anpil Ayisyen an Ayiti nan 2025 lan se: se anba yon jaden pwa kongo, se anba plèn kafe, se dèyè yon gwo wòch, dèyè yon touf zèb. Kisa ki papye ijyenik pou anpil Ayisyen an Ayiti se: Yon wòch, se yon ponyen fèy pwa kongo, se yon baton mayi. Si w pa ipokrit ou paka di ou pa konnen sa a.

    Gen yon krim sosyal ki pi grav pase koripsyon ekonomik, pi danjere pase vyolans politik, pi destriktif pase mizè finansye: se lè yon elit chwazi kache reyalite pèp li, kache verite sosyal yo, kouvri malè ak bèl pawòl, ak estatistik fo. Lè sa rive, peyi a pa sèlman malad: li vin avèg sou pwòp blese li. Yon pèp ka soufri, men li reziste. Men yon pèp ki pa konnen verite sou pwòp lavi li, ki pa gen mo pou nonmen doulè li, se yon pèp yo dezame.

    Se la dram lan ye. Peyi ki te deklare libète, egalite, fraternite pou tout nèg sou tè a, rive nan pwen kote pitit li yo oblije estoke lasajès trip yo nan sache plastik. An menm tan, kèk swadizan entèlektyèl , kèk atis , kèk lidè opinyon ap jwe teyat sou rezo sosyal, ap fè estati ak diskou sofistike, pandan trip pèp la ap glise nan labou. Se nan mitan kontradiksyon sa a Thòy’Art parèt kòm yon obligasyon: se pa yon kapris, se pa yon jwèt, se pa yon pwojè bèl afich,se yon sakrifis.

    Lè m di « swadizan elit kap danse sou simityè verite », se pa yon metafò pou dekore fraz. Se reyalite. Gen yon gwoup moun nan politik, nan ONG, nan medyasyon entènasyonal, nan kilti tou ki bati karyè yo sou manti ak silans. Yo konnen sitiyasyon an kriminèl, men yo di « kriz », « ensètitid », « difikilte estriktirèl ». Yo apwopriye mo pou blanchi koupabilite yo. Yo pale de devlopman pandan pwòp kapital la vin pi sal pase depo fatra. Yo pale de rezilyans pandan timoun ap dòmi sou twotwa. Yo pale de demokrasi pandan pèp la pa menm gen twalèt piblik. Tout diskou sa yo se danse sou simityè verite a.

    Pandan n ap vanse gwo mo yo, kisa nou fè pase Thòy’Art? Mwen pa wèl tankou yon atis kap chache vizibilite, k ap fè ekspozisyon pou fè bèl foto. Kilè n ap brize konfò entelektyèl pou antre nan kan pèp la.Sakrifye bèl langaj pou pale ak mo ki soti nan trip moun. Pandan mond lan ap fè konferans sou klima, sou teknoloji, sou entèlijans atifisyèl, nou menm nou poko gen kote menm nan kapital peyi a pou fè bezwen nou. Ki atis ki ka rete endiferan devan sa a? Ki entelektyèl ki ka kontinye ekri tèz san li pa manyen imilyasyon sa a?

    Gen de kategori moun kap fè bri nan sa Thòy’Art di a.Elit politik ak ekonomik la, ki bezwen mizè a pou yo ka kontinye dirije. Atis dekoratif yo, ki sèvi ak mizè a kòm dekò pou yo fè imaj « angaje » pandan yo pa janm atake rasin pwoblèm nan. Pèp la nan labou, nan lari, ap fè bezwen yo nan sachè nwa, swadizan Elit la nan salon, nan konferans, nan reyinyon ak anbasadè, yo di y ap chache solisyon. Men solisyon yo pa janm pase pa kesyon diyite.

    Yo pale de sekirite san yo pa pale de twalèt. Yo pale de envestisman san yo pa pale de aksè a dlo. Yo pale de eleksyon san yo pa pale de kondisyon minimòm pou lavi. Si atizay, pawòl, panse, filozofi pa itilize pou pran pozisyon klè bò kote moun k ap viv nan sache nwa yo, tout rès la se komedi.Oswa w nan kan moun kap fè komedi sou kadav verite a, Oswa w nan kan moun ki aksepte sakrifye l pou di verite a, menm si sa koute l chè.

    Lè swadizan elit ekonomik, politik oswa entelektyèl ap kache reyalite sosyal yo, yo pa fè sa pou lapè sosyal. Yo fè sa pou kontinye jwi privilèj yo san yo pa gen pou rann kont.Yo bati yon peyi fiktif kote tout bagay ap mache, kote devlopman egziste sou papye, kote mizè se eksajerasyon, epi kote moun ki plenyen se sabòtè.

    Yon sosyete ki pèdi konfyans nan verite antre nan anachi moral, kote chak moun soti pou tèt pa yo, kote valè kolektif yo tounen pousyè.Se pèp la sèlman ki peye pri manti elit yo.Elit la gen mwayen pou kouri kite peyi a, voye pitit li etidye nan peyi tranje, ale lopital lòt bò dlo, jwenn pwoteksyon.Men pèp la, se li ki pote : Chay mizè,chay ensekirite,chay koripsyon,chay fristrasyon elatriye.

    Lè elit la pa vle wè reyalite a, peyi a antre nan fènwa.

    Lè elit la pa vle tande doulè pèp la, peyi a antre nan silans.
    Lè elit la pa vle di verite a, peyi a antre nan ilizyon.

    Epi pa gen okenn peyi ki janm konstwi lavni li sou ilizyon.
    Verite a ka fè mal, men se sèl wout ki mennen liberasyon.