Auteur/autrice : Pierre

  • SOTI NAN SOUFRANS RIVE NAN KREYASYON: YON REFLEKSYON  FILOZOFIK SOU SIVILIZASYON AYISYÈN NAN

    SOTI NAN SOUFRANS RIVE NAN KREYASYON: YON REFLEKSYON FILOZOFIK SOU SIVILIZASYON AYISYÈN NAN

    Sivilizasyon ayisyèn nan kapab konprann kòm yon ansanm valè, tradisyon, lang, kwayans, pratik sosyal, fòm atistik ak eksperyans istorik ki devlope sou teritwa peyi  d’Ayiti, epi ki fòme yon idantite kolektif patikilye. Li se rezilta rankont, souvan  rankont ki te vrèman vyolan, ant plizyè eritaj, tankou : eritaj afriken, ewopeyen, amerendyen ak karayibeyen.

    Ayiti pa sèlman rezilta yon kolonizasyon fransè ki te fini nan lane 1804. Men yon bagay nouvo ki te kreye. Popilasyon afriken ki te soti nan diferan sosyete, epi ki te oblije fè fas ak vyolans esklavaj la, te oblije rekonstwi yon fòm kominote nan yon mond ki t ap chache retire limanite yo. Se poutèt sa, nou kapab konprann sivilizasyon ayisyèn nan kòm yon travay  rekonstriksyon èt imen an, ki rebali diyite li kòm moun.

    Sivilizasyon nou an  fèt nan rezistans. Dayè, istwa Ayiti chaje anpil ak rezistans esklav  yo kite soti nan kontinan afriken an. Nan  lane 1804, Ayiti vin endepandan. Se te yon gwo evènman, moun ki te konn viv nan esklavaj rive fonde yon lEta endepandan. Istwa sa a, te gen yon gwo enfliyans sou fason Ayisyen panse diyite, libète, endepandans ak granmounite.

    Si nou ta dwe chache yon lide santral nan eksperyans istorik ayisyen an, se ta pwobableman libète. Men gen yon diferans nou dwe fè. Libète kapab vle di: « Pèsonn pa anpeche m fè sa mwen vle. » Men li kapab vle di tou: « Yo rekonèt mwen kòm yon moun ki kapab deside sou pwòp desten pa m. »

    Se dezyèm sans sa a ki patikilyèman enpòtan pou nou konprann Ayiti. Revolisyon ayisyèn nan pa t ap mande sèlman yon amelyorasyon nan kondisyon lavi esklav yo. Li te poze yon kesyon ki te pi radikal: Èske yon moun ka posede yon lòt moun? Epi repons revolisyon an te bay la se te: Non. Nan sans sa a, endepandans Ayiti pa sèlman yon evènman politik oubyen istorik. Li reprezante yon deklarasyon filozofik sou egalite tout moun, dwa moun ak libète kòm valè e prensip inivèsèl.

    • KOMAN ESKLAV YO TRANSFÒME SOUFRANS AN KREYASYON?

    Istwa peyi d’Ayiti pote yon kesyon filozofik ki ale pi lwen pase kesyon esklavaj ak kolonyalis: kisa yon sijè istorik ka  fè ak sa listwa fè l? Moun yo te depòte soti nan Lafrik yo pa t sèlman pèdi libète yo, peyi yo, ak rasin sosyal yo; yo te antre nan yon sistèm ki te fèt pou kraze diyite yo epi redwi yo kòm objè. Men esklavaj pa t rive elimine kapasite yo, pou yo sonje, imajine, kwè, pale, chante ak kreye. Se la youn nan gwo paradòks listwa ayisyen an parèt: sistèm ki t ap chache dezimanize moun, vin rann lakay moun sa yo, yon kapasite pou rekonstwi limanite atravè kreyasyon ki pwòp ak yo menm.

    Nan sans sa a, kilti a vin tounen yon zouti rezistans, men li pa sèlman yon rezistans kont dominasyon. Li se yon fason pou bay eksperyans lan yon lòt sans. Kreyòl la, pa egzanp, pa senpleman yon melanj mo ki soti nan plizyè lang; li se rezilta yon rankont istorik kote moun ki soti nan divès orizon te bezwen kominike, viv ansanm epi konstwi mond pa yo. Menm jan an tou, Vodou pa kapab konprann sèlman kòm yon relijyon ki soti nan Lafrik; li se yon espas kote memwa afriken, eksperyans kolonyal la, kwayans endijèn ak reyalite nouvo mond lan te rankontre pou fòme yon lòt fason pou konprann relasyon ant moun, zansèt, lanati, kominote ak sakre yo. Nan mizik, dans, kont, pwovèb ak rit, memwa pa t rete yon bagay ki mouri nan tan lontan: li te kontinye viv, transfòme epi transmèt tèt li.

    Se konsa nou kapab konprann kreyasyon ayisyen an kòm yon travay memwa. Lè yon pèp rakonte istwa li, chante doulè li, priye zansèt li, bay pitit li yon lang, li pa sèlman konsève sa ki te pase; li ap konstwi yon prezan epi prepare yon avni. Literati ayisyèn nan pral pouswiv menm mouvman sa a lè li pran revolisyon, ekzil, povrete, vyolans, espwa ak kesyon idantite pou l fè yo tounen narasyon, pwezi ak panse. Nan tout fòm sa yo, gen yon bagay fondamantal ki fèt: zansèt meritan nou yo pa t kite soufrans lan di dènye mo a. Li ka kite mak sou kò ak nan memwa, men li pa gen dwa detèmine pou tout tan sa moun ki sibi l yo kapab vin ye.

    Se poutèt sa, lè nou pale de sivilizasyon ayisyèn nan, nou pa ta dwe wè li sèlman kòm rezilta yon istwa soufrans, ni sèlman kòm eritaj esklavaj ak kolonyalis. Li se pito rezilta yon kapasite ekstrawòdinè pou transfòme eksperyans istorik an kreyasyon. Esklav yo pa t sèlman viktim yon istwa lòt moun te ekri pou yo; atravè lang, relijyon, mizik, memwa, literati ak revolisyon, yo te kòmanse ekri pwòp repons yo bay listwa. Se la dimansyon filozofik eksperyans ayisyen an chita: libète pa sèlman vle di soti anba chenn; li vle di tou, ou gen pouvwa pou w transfòme sa ki te kraze w, domine w, oprime w, pou w kreye  yon espas kote w ka viv ak diyite. Sivilizasyon ayisyèn nan, nan sans sa a, pa sèlman memwa soufrans. Se memwa ki vin kreyasyon, epi se kreyasyon ki vin yon fason pou yon pèp egziste.

    Sivilizasyon ayisyèn nan gen sitou de lang ofisyèl: kreyòl , se lang majorite popilasyon an pale, epi fransè, ki jwe yon wòl enpòtan tou nan administrasyon, edikasyon ak literati. Kreyòl la enpòtan anpil paske li reprezante yon kreyasyon kiltirèl ki pwòp ak sosyete ayisyèn nan. Li devlope pa rapò ak plizyè enfliyans lengwistik, sitou enfliyans fransè, pòtigè ak lòt lang afriken yo.

    Sivilizasyon ayisyèn nan make  pa yon anprent kretyènte, sitou katolik ak divès tradisyon pwotestan, ansanm ak vodou ayisyen an. Li enpòtan pou nou pa redwi vodou a ak imaj fim, tankou jan yo kriminalize li. Vodou se yon sistèm relijye ak kiltirèl ki gen pwòp kwayans pa li, seremoni pa li, chante, dans ak fason pa li pou l etabli relasyon ak zansèt yo. Nan sans sa a, Ekriven ak Atis nan mwatye 19è ak 20è syèk yo kontribye anpil pou fè mond lan konprann grandè sivilizasyon ayisyèn nan, atravè mizik, dans; penti; kont popilè; pwezi; literati; teyat; atizana, elatriye.

    Nou kapab konsidere sivilizasyon ayisyèn nan tou kòm yon sivilizasyon karayibeyen ki gen nwayol nan kontinan  Afrik la, ak lòt moun ki t ap viv sou teritwa a. Lè nou konsidere popilasyon an te soti an Afrik kote yo te derasinen yo pandan komès esklavaj la. Men moun sa yo pa t tou senpleman konsève kilti afriken an  jan li te ye a. Yo te kreye nouvo fòm kiltirèl apati de lòt eksperyans ak eritaj yo te jwenn sou wout yo. Se egzakteman sa ki fè sivilizasyon ayisyèn nan vrèman enteresan, li pa ni sèlman afriken, ni ewopeyen, ni ameriken. Li se rezilta yon istwa espesyal ki chita sou transfòmasyon, rezistans ak kreyasyon.

    Genyen tou yon fason espesyal kilti ayisyèn nan konprann relasyon ant moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Nan kilti ayisyèn nan, zansèt yo pa sèlman moun ki fè pati pase nou. Yo kontinye fè pati memwa kolektif la. Èske se sèlman moun nou ye jodi a nou ye, oswa èske nou se  eritye tou moun ki te vini anvan nou yo? Memwa vin yon bagay ki pi pwofon pase yon senp souvni. Li vin yon fason pou konsève yon kontinite ant jenerasyon yo. Sa gen yon enpòtans espesyal pou yon sosyete ki gen istwa li make pa separasyon, depòtasyon ak esklavaj.

    Pou nou ale pi lwen, fòk nou kòmanse mande tèt nou kisa mo « sivilizasyon » vle di. Yon sivilizasyon se pa sèlman yon teritwa, yon lang oswa yon ansanm tradisyon. Se yon fason yon pèp chwazi viv nan mond lan, bay istwa li yon sans, epi reflechi sou libète, lanmò, kominote, sakre, travay ak lavni.

    Yon sivilizasyon pa nesesèman sa yon pèp resevwa. Se sa pèp la fè ak sa li resevwa a. Ayiti resevwa yon istwa ki te ekstrèmman konplèks epi ki te chaje ak vyolans. Men istwa sa a te transfòme nan nouvo fòm lang, relijyon, atizay, panse ak lavi kolektif. Nou kapab poze kesyon sa a: Kisa ki fè yon pèp vin vrèman yon pèp? Èske se san? Èske se ras? Èske se teritwa? Èske se lang? Èske se relijyon? Èske se istwa? Mwen ka di, sou plan filozofik, okenn nan repons sa yo pa sifi poukont yo.

    Yon pèp egziste  lè li rekonèt tèt li nan yon istwa li pataje ak lòt moun, epi lè li transfòme istwa sa a pou l konstwi yon mond kote li ka  pataje ak lòt moun. Nan ka Ayiti a, konsyans kolektif sa a gen yon relasyon solid ak yon eksperyans istorik espesyal: esklavaj, rezistans, revolisyon, endepandans ak konstriksyon yon nouvo sosyete. Jounen jodi a jenerasyon prezan an jwenn pozitif, li jwenn negatif, men se kisa li ka kite pou kontribye nan avansman ras la. 


    Auteur : Pierre-Erick Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

    koreksyon: Jean Marc ESTERLIM | Sitwayen Responsab      

  • IL NOUS FAUT FAIRE DE LA POLITIQUE AUTREMENT: HOMMAGE AU PROFESSEUR LESLIE FRANÇOIS MANIGAT, LA CONSCIENCE INTELLECTUELLE D’UNE NATION EN QUETE DE SENS

    IL NOUS FAUT FAIRE DE LA POLITIQUE AUTREMENT: HOMMAGE AU PROFESSEUR LESLIE FRANÇOIS MANIGAT, LA CONSCIENCE INTELLECTUELLE D’UNE NATION EN QUETE DE SENS

    Certaines voix ne disparaissent jamais vraiment. Elles quittent le monde des vivants, mais elles continuent d’habiter la mémoire collective, de questionner les consciences et d’interpeller les générations futures. Le professeur Leslie François Manigat appartient à cette catégorie d’hommes dont la mort, survenue en 2014, n’a pas mis fin au dialogue qu’il avait commencé avec son peuple. Sa pensée et son exigence intellectuelle continuent de nous rappeler qu’une nation ne se construit pas uniquement avec des institutions, des discours ou des changements de dirigeants, mais d’abord avec une vision, une conscience et une manière différente de penser le destin collectif.

    « Il nous faut faire de la politique autrement ». Cette phrase, devenue l’une des expressions les plus fortes de sa pensée, dépasse largement le cadre d’un simple commentaire sur la vie politique haytienne. Elle constitue presque un testament philosophique. Elle porte en elle une critique profonde de la manière dont les sociétés humaines organisent le pouvoir, mais aussi un appel à réinventer le rapport entre l’homme, l’État et la communauté.

    Pour Leslie François Manigat, la politique n’était pas une bataille pour conquérir des positions, ni un moyen d’obtenir des privilèges. Elle était une responsabilité historique. Elle était l’espace où une société réfléchit sur son avenir, où une génération décide de ce qu’elle veut transmettre à celle qui viendra après elle. Faire de la politique autrement signifiait donc redonner à la politique sa dimension la plus noble: celle d’un service, d’une intelligence collective et d’une recherche permanente du bien commun.

    Dans un monde où la politique est souvent réduite à des calculs, à des intérêts personnels et à des luttes de pouvoir, la pensée de Manigat apparaît comme une exigence morale. Il nous rappelle que le problème d’une nation n’est pas seulement la qualité de ceux qui gouvernent, mais aussi la profondeur de la culture politique qui permet ou empêche leur émergence.

    Hayti a souvent souffert d’une contradiction douloureuse: une histoire remplie de courage, de résistance et de grandeur, mais une difficulté persistante à transformer cette force historique en un projet national durable. Leslie François Manigat avait compris que la crise haytienne n’était pas seulement économique ou institutionnelle. Elle était aussi intellectuelle, culturelle et spirituelle. Une société qui perd le sens de la réflexion finit par être dominée par l’urgence, par les passions et par les illusions.

    L’un des grands enseignements de son parcours est que la reconstruction d’un pays commence par la reconstruction de la pensée. Avant de bâtir des institutions solides, il faut bâtir des consciences solides. Avant de demander une nouvelle classe politique, il faut former une nouvelle culture politique. Car aucun changement durable ne peut naître d’une société qui refuse de questionner ses propres habitudes, ses propres erreurs et ses propres responsabilités.

    Le professeur Manigat était un homme de connaissance dans un monde souvent dominé par l’émotion immédiate. Il croyait au pouvoir des idées parce qu’il savait qu’une idée peut traverser les générations lorsqu’elle touche une vérité profonde. Il appartenait à cette tradition des intellectuels qui considèrent que penser n’est pas s’éloigner du réel, mais au contraire chercher les racines invisibles des problèmes visibles.

    Son regard sur la politique nous invite encore aujourd’hui à une question fondamentale: voulons-nous seulement changer les acteurs ou voulons-nous changer la logique du système ? Car remplacer des hommes sans transformer les mentalités conduit souvent à reproduire les mêmes crises sous de nouveaux visages.

    Faire de la politique autrement, c’est accepter que le pouvoir n’est pas une récompense mais une charge. C’est comprendre que diriger un peuple exige plus que de l’ambition: cela exige de la connaissance, de la sagesse et une conscience profonde de l’histoire. C’est refuser que la politique devienne un théâtre où les promesses remplacent les projets et où les intérêts particuliers prennent la place de l’intérêt général.

    La grandeur de Leslie François Manigat est aussi d’avoir toujours défendu l’idée que l’intelligence devait avoir une place dans la conduite des affaires publiques. Dans une époque où l’on confond souvent popularité et compétence, émotion et vérité, agitation et action, son héritage nous rappelle que gouverner est d’abord un acte de réflexion.

    Son départ en 2014 a laissé un vide dans le paysage intellectuel haytien. Mais les grands hommes ne sont pas seulement ceux qui occupent un espace dans leur époque; ce sont ceux dont les idées continuent de travailler les consciences après leur disparition. Manigat appartient à cette catégorie d’hommes qui ne demandent pas seulement à être admirés, mais à être étudiés, discutés et surtout continués.

    Aujourd’hui, rendre hommage à Leslie François Manigat, c’est reconnaître que son combat dépasse sa personne. C’est comprendre que son appel à faire de la politique autrement demeure une urgence pour Hayti. Une urgence parce qu’un peuple ne peut pas espérer un avenir différent avec les mêmes façons de penser, les mêmes réflexes et les mêmes pratiques.

    Son message nous rappelle une vérité simple mais profonde: les nations ne changent pas seulement par les événements, elles changent par les consciences qui se réveillent.

    La voix de Leslie François Manigat continue donc de nous interpeller. Elle nous invite à dépasser la politique de la réaction pour entrer dans la politique de la vision. Elle nous appelle à construire une République où le savoir accompagne le pouvoir, où l’éthique accompagne l’ambition et où l’amour de la nation dépasse les intérêts individuels.« Il nous faut faire de la politique autrement ». Cette phrase reste comme une lumière dans la nuit politique haytienne. Elle est une invitation à penser, à agir et à croire qu’une autre manière de servir la nation est encore possible.

    Le véritable hommage au professeur Leslie François Manigat ne sera jamais seulement dans les monuments ou les cérémonies. Il sera dans notre capacité à transformer son idée en réalité: apprendre enfin à faire de la politique autrement.

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • MIZÈ PA YON FATALITE, SE YON ESTRATEJI

    MIZÈ PA YON FATALITE, SE YON ESTRATEJI

    Gen moman nan lavi yon pèp kote kesyon yo vin pi enpòtan pase repons yo. Se pa kesyon fasil, ni kesyon ki fèt pou konfò. Se kesyon ki fouye nan fondasyon sosyete a: Ki verite n ap viv? Ki prensip k ap gide nou? Ki kalite jistis nou tolere? E sitou, kiyès ki benefisye de sistèm nou an?

    Filozofi anseye nou yon bagay senp men difisil: pa gen okenn lòd sosyal ki natirèl; li toujou konstwi, soutni, epi pafwa pwoteje pa enterè. Lè nou obsève reyalite politik la, nou pa dwe sèlman gade aksyon dirijan yo, men nou dwe kesyone lojik ki soutni sistèm nan. Paske pouvwa pa egziste nan vid; li òganize, li distribye avantaj, li kreye inegalite oswa li korije yo.

    Reflechi sou politik se pa yon zak opozisyon sistematik; se yon zak konsyans. Lè yon pèp sispann kesyone, li sispann egziste kòm sijè istorik. Lè li aksepte san analize, li abdike dwa li pou chanje desten li. Se poutèt sa refleksyon filozofik pa yon liks entelektyèl; li se yon nesesite sivik.

    Tèks sa a chache mete limyè sou relasyon ant prensip ak pratik, ant diskou ak reyalite, ant pouvwa ak responsablite. Paske chanjman pa kòmanse nan lari sèlman; li kòmanse nan panse. E depi panse a klè, kesyon pouvwa a vin inevitab.

    Mizè kòm mekanis kontwòl

    Mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik. Li kapab tounen yon zouti politik. Michel Foucault esplike nan siveye e pini ke pouvwa a pa egzèse sèlman ak fòs, men atravè jesyon lavi moun ak popilasyon yo. Sa fè nou konprann ke povrete a kreye depandans e depandans fasilite kontwòl. Yon pèp k ap goumen pou siviv: pa gen tan pou l òganize politikman, pa gen mwayen pou l konteste, li vin vilnerab devan pwomès. Mizè vin tounen yon enstriman pou gouvènabilite.

    Nan menm sans sa a nou ka wè mizè kòm kapital elektoral, nou pa sèlman ap denonse pratik koripsyon senp lan. Nou ap analize yon mekanis ki pi rafine, pi pwofon, kote povrete vin tounen yon resous politik estratejik.

    Nan lojik klasik pouvwa a, jan Nicolas Machiavel montre nan Le Prince, objektif prensipal yon dirijan se konsève pouvwa li. Moral la vin segondè devan kesyon estabilite ak kontwòl. Si nou mete prensip sa a nan yon kontèks kote majorite popilasyon an ap viv nan ensekirite ekonomik, nou konprann kijan mizè ka transfòme an avantaj elektoral.

    Mizè kreye depandans. Depandans kreye lwayote fòse. Lè sitwayen an pa gen aksè garanti a travay, edikasyon, swen sante, oswa kredi, li oblije chache pwoteksyon. Men pwoteksyon sa a pa soti nan enstitisyon solid; li soti nan relasyon pèsonèl ak moun ki gen pouvwa. Se la kliyantelis la pran nesans li nan politik la. Politik la vin pa fonksyone sou baz pwogram, men sou baz favè. Olye Leta konstwi dwa inivèsèl, li distribye benefis selektif. Sa kreye yon sik kote politisyen an pa bezwen rezoud mizè a, li sèlman bezwen jere li, epi aktive li nan moman elektoral.

    Nan tewori demokrasi a, vòt la se yon zak konsyans. Men nan kontèks mizè ekstrèm, vòt la vin tounen yon zak siviv. Lè yon moun ap lite pou manje chak jou, kesyon idewolojik pase nan dezyèm plan. Pwomès imedya yo gen plis pwa pase pwojè k ap pran tan. Yon sak diri, yon ti lajan, yon pwomès djòb vin gen plis valè pase refòm estriktirèl ki ka pran ane pou bay rezilta.

    Se pa paske pèp la pa entèlijan. Se paske ensekirite ekonomik la limite libète chwa li. Filozofikman, sa poze yon kesyon fondamantal: èske gen vrè libète politik san sekirite ekonomik?

    Sistèm nan pa gen objektif elimine mizè vreyèlman, men estabilize li nan yon nivo ki itil politikman. Si mizè a disparèt, depandans lan diminye, panse kritik fè aparisyon li, sitwayen yo kòmanse mande kont, pouvwa a gen pwoblèm. Men si mizè a kontinye, popilasyon an rete nan enkyetid, relasyon favè yo kontinye, sik elektoral la repwodwi menm aktè yo. Se konsa mizè vin tounen yon kapital: li pwodwi vòt, li pwodwi lwayote, li pwodwi silans.

    Kesyon an pa sèlman politik; li moral. Lè yon sistèm sèvi ak frajilite moun pou garanti pouvwa li, li antre nan yon kontradiksyon ak prensip jistis la. Pouvwa ki ta dwe sèvi byennèt kolektif la vin sèvi pwòp pèmanans li. Sa fè demokrasi a tounen yon fòm san esans.

    Mizè ka sèvi kòm kapital elektoral sèlman jiskaske li depase yon sèten nivo tolerans. Lè fristrasyon kolektif la vin pi fò pase depandans la, lojik la kraze. Depandans ka tounen revòlt. Se poutèt sa kesyon fondamantal la rete: Èske objektif politik la se diminye mizè, oswa optimize li?

    Mizè kòm distraksyon kolektif

    Mizè pa sèlman fè moun soufri; li okipe lespri yo. Lè yon sosyete plonje nan ensekirite ekonomik ak alimantè an pèmanans, enèji kolektif la deplase soti nan kesyon estriktirèl pou rive chita sou preyokipasyon imedya. Refleksyon sou sistèm nan ranplase pa batay pou siviv chak jou.

    Daprè Karl Marx, kondisyon materyèl lavi yo enfliyanse konsyans moun yo. Lè bezwen debaz yo pa satisfè, kapasite pou devlope konsyans kritik la diminye. Moun ki ap chache manje, dlo, travay oswa sekirite pa gen tan pou analize bidjè leta, lwa, oswa estrikti pouvwa. Sa kreye yon efè distraksyon kolektif; kesyon prensipal yo ranplase pa ijans, analiz ranplase pa reyaksyon, òganizasyon ranplase pa siviv. Nan sans sa a, mizè pa sèlman yon sitiyasyon ekonomik; li vin tounen yon baryè entelektyèl.

    Laperèz kòm bri pèmanan

    Nan lojik politik, distraksyon pa toujou fèt ak amizman; pafwa li fèt ak laperèz. Thomas Hobbes montre nan Le Léviathan ke laperèz ak dezòd pouse moun aksepte otorite.

    Lè mizè pwodwi pèdi djòb, ensekirite, vyolans, grangou, sosyete a antre nan yon eta tansyon pèmanan. Tansyon sa a anpeche refleksyon kalm. Moun chache estabilite anvan yo chache jistis.

    Lè pè a domine espas piblik la, kesyon sou responsabilite politik vin segondè, kesyon sou sekirite imedya vin prensipal. Se konsa mizè a transfòme laperèz an distraksyon, li retire atansyon sou rasin pwoblèm yo pou konsantre sou sentòm yo. Li lide sa a, mizè fragmante sosyete a. Olye li ini moun kont inegalite, li mete yo an konpetisyon pou ti resous ki ra. Lè chak moun ap lite pou tèt li, solidarite kolektif la febli.

    Sa gen kòm konsekans anpeche mouvman yo òganize, li kraze konsyans kolektif, li redwi kapasite pou mande chanjman estriktirèl. Kidonk, mizè a vin sèvi kòm yon ekran: pandan popilasyon an ap lite youn kont lòt pou siviv, kesyon sou sistèm ki pwodwi mizè a rete nan lonbraj.

    Mizè kòm jistifikasyon politik

    Mizè pa sèlman sèvi pou kontwole oswa pou achte konsyans; li sèvi tou kòm diskou. Li vin tounen yon agiman, yon eskiz, yon zouti retorik pou jistifye echèk, reta, oswa absans vizyon. Gen yon fòm diskou ki repete souvan nan sosyete a ki frajil:«Nou pa kapab fè plis, paske peyi a twò pòv. Nou eritye yon sistèm ki kraze, se kriz la ki anpeche nou aji».

    Nan aparans, agiman sa yo sanble lojik. Men kesyon filozofik la se: Èske mizè eksplike tout bagay, oswa èske li kache responsablite? Lè mizè vin yon eksplikasyon inivèsèl, li vin retire kesyon sou konpetans, sou priyorite bidjè, sou move jesyon, sou koripsyon. Li transfòme kesyon politik yo an kesyon fatalite.

    Nan refleksyon sou pouvwa, Hannah Arendt te montre kijan kriz kapab itilize pou nòmalize sitiyasyon eksepsyonèl. Lè yon sosyete viv nan kriz pèmanan, li fini pa aksepte feblès enstitisyonèl yo kòm nòmal. Mizè vin tounen yon klima pèmanan ki jistifye inaksyon. Nan sans sa a, lè mizè sèvi kòm jistifikasyon, echèk pa parèt kòm rezilta move chwa; li parèt kòm inevitab. Sa gen yon efè danjere sou konsyans kolektif la: sitwayen yo bese nivo atant yo, medyokrite vin akseptab, responsablite pèdi fòs li.

    Politik la pa mezire ankò selon kapasite li pou transfòme reyalite, men selon kapasite li pou jere kriz la san li pa eksploze. Objektif la pa devlopman, men estabilizasyon mizè a. Sa kreye yon kilti tolerans anvè feblès. Olye kesyon an vin: Poukisa nou pa avanse?, li vin: Ki jan pou nou siviv ak sa nou genyen?

    Gen yon lòt dimansyon mizè a mete an sèn. Nan analiz sosyete modèn yo, Guy Debord montre nan La Société du spectacle kijan reyalite kapab tounen espektak. Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm; li vin yon imaj ki sèvi pou konstwi lejitimite. Vizit ofisyèl nan katye defavorizeyo, distribisyon èd devan kamera, diskou dramatik sou soufrans pèp la, tout sa kreye yon naratif kote dirijan an parèt kòm sovè, menm si estrikti ki pwodwi mizè a pa chanje. Se pa rezolisyon pwoblèm nan ki vin santral; se jesyon imaj la.

    Mizè kòm sistèm òganize

    Lè mizè a dire twò lontan, li pa kapab eksplike sèlman pa aksidan oswa move chans. Li kòmanse pran fòm yon estrikti. Sa vle di, li antre nan fonksyònman nòmal sosyete a.

    Mizè kòm sistèm òganize pa vle di gen yon reyinyon sekrè kote tout moun dakò pou kenbe popilasyon an pòv. Li vle di estrikti ekonomik, edikatif, jidisyè ak politik yo pa fèt pou kraze inegalite yo, yo repwodwi yo. Sosyològ Pierre Bourdieu montre kijan inegalite repwodwi atravè kapital ekonomik, kapital kiltirèl, ak aksè privilejye ak resous yo. Sa vle di, lè edikasyon piblik la fèb, jistis la pa aksesib pou tout moun, kredi ak opòtinite rezève pou yon minorite. Rezilta a, timoun pòv yo gen plis chans rete pòv, pandan privilèj sikile nan menm fanmi oswa menm gwoup yo. Nan yon sistèm konsa, mizè pa yon epizòd; li vin nòmalite. Li vin yon eta pèmanan kote diferans sosyal yo fije. Mizè a vin parèt kòm desten olye li parèt kòm konstriksyon sosyal.

    Gen yon lòt dimansyon ki pi delika: mizè a kapab pwodwi pwòp ekonomi pa li. Nan kèk kontèks, povrete atire: pwogram asistans, ONG, finansman entènasyonal, kontra piblik, pwojè ijans ki repete. Èd sa yo ka nesesè. Men kesyon fondamantal la se: èske yo bati kapasite dirab, oswa èske yo antreteni depandans?

    Nan lojik sa a, mizè pa sèlman yon pwoblèm sosyal; li vin yon sous finansman pou kèk aktè. Se sa ki fè kesyon an vin politik e moral. Èske objektif la se fè mizè diminye, oswa jere li pou li rete yon antrepriz?

    Lè ekonomi yon peyi depann plis de asistans pase de pwodiksyon, souverènte ekonomik la febli. E lè souverènte febli, kapasite pou pran desizyon endepandan yo diminye. Se konsa mizè ka vin tounen yon mache, yon espas kote anpil moun touche pandan popilasyon an kontinye soufri.

    Èske mizè k ap ravaje sosyeye Ayisyèn nan diferan de mizè global la ?

    Lè n ap gade mizè k ap ravaje popilasyon ayisyèn nan, nou kapab di se konsekans yon ansanm desizyon ki mete popilasyon an nan kondisyon li ye a. Listwa nou montre nou ke zansèt nou yo te gen yon gran vizyon pou zile sa.

    Ayiti pa t fèt pòv. Li te fèt lib. Nan lane 1825, anba presyon Lafrans ak wa Charles X, Ayiti oblije peye yon gwo dèt pou ansyen kolon yo. «Indemnité» sa a senyen ekonomi an jis jounen jodi a. Men listwa pa sifi pou esplike prezan an. Asasinay Anperè Jak Premye an 1806 make kòmansman lit pou pouvwa. Diktati François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier, laperèz vin tounen sistèm. Yo pa janm konbat mizè a, yo itilize li. Yon pèp pòv depann de Leta. Yon pèp ki pè pa konteste. Nou pa pitit mizè.

    Nou se pitit Vètyè. Mizè pa idantite nou, li se trayizon istwa nou.

    Si mizè pa yon fatalite men yon estrateji, repons lan pa ka limite ak chanjman dirijan oswa ak pwomès elektoral. Vrè solisyon an mande yon transfòmasyon pi pwofon: konstwi Ayisyen pou rebati Ayiti. Paske okenn nasyon pa ka panse pi wo pase nivo konsyans, karaktè ak vizyon sitwayen li yo. Si sistèm nan te itilize mizè pou kontwole, pou distrè, pou jistifye echèk oswa pou repwodwi inegalite, se pa sèlman estrikti yo nou dwe korije, men se lespri nou tou nou dwe refòme.

    Pou kwape lamizè nan peyi a, nou dwe fòme yon Ayisyen ki gen konsyans kritik, ki pa p vann vòt li pou siviv, ki mande rann kont, ki konnen dwa li epi ki pare pou defann yo. Yon Ayisyen ki pa aksepte mizè kòm nòm, ki pa tolere medyokrite kòm desten, ki konprann diyite pa negosyab. Se nan lekòl, nan legliz, nan fanmi, nan inivèsite, nan medya ak nan tout espas piblik yo konstriksyon sa a dwe fèt.

    Référence

    ARENDT, Hannah. Essai sur la Révolution. Paris: Gallimard, 1985.

    BOURDIEU, Pierre; PASSERON, Jean-Claude. Les Héritiers: les étudiants et la culture. Paris: Minuit, 1964.

    DEBORD, Guy. La Société du spectacle. Paris: Buchet-Chastel, 1967.

    FOUCAULT, Michel. Surveiller et punir: naissance de la prison. Paris: Gallimard, 1975.

    HOBBES, Thomas. Léviathan. Londres, 1651.

    MAQUIAVEL, Nicolau. O Príncipe. Tradução de Maria Lúcia. 18. ed. Rio de Janeiro: Paz e Terra, 1996.

    MARX, Karl. Manuscrits de 1844: économie politique et philosophie. 1844.

    Imaj jenere avèk IA.


    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Tete dèyè a pou mwen!

    Tete dèyè a pou mwen!

    Pou anpil nan nou ki pat gen chans jwi Ayiti pa m nan, vakans pa m nan, andeyò pa m nan te diferan, Ayiti pa m nan kontinye diferan.Nan tan pase a, gen yon moman nou tout t ap veye, nou te rele l gran vakans, ou byen vakans 3 ( twa) mwa. Se te moman pou paran nou yo voye nou al pase vakans ak grann ou byen tonton. Pa gen pi bèl moman ke sa.

    Lè w rive jwenn grann se tankou yo voye w al angrese pou w tounnen. Sa k bèl la se lè w rive an pwovens lan. Tout bagay natirèl : patat la, manyòk la, kann nan, militon an, joumou an, elt… Yonn nan souvni ki plis make m se “tete deyè a” kisa ki tete dèyè a ? Lè n rive an pwovens, premye bagay yo fè se fèmen bèf la pou w ka jwenn lèt pou w bwè.

    Fèmen bèf la, se pran manman bèf la e ou sere l yon kote pandan 2 ( de) jou pou ti bèf la pa jwenn li. Men, fòk ou ba li bra banann pou l ka bay anpil lèt. Souvan, nou sere bèf la lwen dèyè mòn yo oubyen nou pase anba gwo jaden kafe yo pou desann nan ravinn nan pou nou sere bèf la.

    Lè manmèl bèf la kòmanse plen epi tete yo tire, l ap fè gwo bri tankou mouuuu, se sa k fè ou dwe sere l lwen pou ti bèf la pa tande. Konsa tou, gen ti bèf ki konn rive jwenn manman an. Lè sa a rive, ou travay anven.

    Gen twa lè ki toujou priyorite pou w al tire bèf la. Se nan maten bònè oubyen nan 2 ( de) zè aprè midi oubyen nan lanjelis. Pou mwen, meyè lè a se nan 2 zè a, lè solèy la cho.

    Gen 2 fèmen bèf : yonn pou w tire lèt la pou bouyi pou tout moun e yon lòt pou w bwè lèt la tou kri anba manmèl la.

    Lè se pou bouyi a, nan tire lèt la ou jwenn lapòy la. Kisa ki lapòy la? Lapòy la se lè ti bèf la konte 4 ( kat) tete yo yon premye fwa, epi ou tire lèt ki pral lakay la pou bouyi a. Aprè ti bèf la vinn rekonte ankò, se sa a yo rele lapòy.

    Mwen sonje kòman sa te ye. Mwen te gen 2 ( de) tontonm plis yon kouzenm, lè yo fèmen bèf la pou nou bwè lèt kri a, chak moun te gen yon tete. Men, mwen se toujou tete dèyè a paske li gen plis lèt epi li gen yon ti gou dous. Plezi ki genyen an se bwè anba manmèl la pandan gen yon radyo k ap jwe ki sou ginen k ap pase mizik samba yo. Nou pat janm al tire lèt la san radyo sa a.

    Anpil fwa, bèf la konn mechan, sa vle di nan tan pou w mare 2 ( de) pye bèf la ti bèf yo konn fè w fè anpil defisi. Yo konn gentan bwè pi fò lèt la. Toutfwa, mwen sonje yon jou jedi nan aprè midi, se te mwen ak tontonm sèlman ki t al tire bèf la. Pandan m ap souse tete dèyè a, bèf la te manje yon kòdagrenn. Kòdagrenn nan se yon zèb ki fè bèf la gra. Li konn menm pa ka fè pitit ankò pou twòp grès. Pandan tete dèyè m nan bouch mwen, se santi mwen santi yon bagay cho ap vide sou mwen, bèf la poupou sou vizaj mwen. Mwen oblije netwaye vizaj mwen ak ke bèf la epi tire lèt bèf la pou m lave vizaj mwen. Lè sa a, mwen santi lèt bèf kote m pase. andedan m se lèt, deyò m se lèt.

    Se te yon bèl moman, e lè sa a fòk ou pote yon ti dlo pou w lave manmèl bèf la, tete yo, epi pou w siye yo ak ke bèf la. Anplis, dwe gen yon moun ki kenbe ti bèf la pandan yonn nan nou ap bwè lèt la. Men lòt bèl moman ki te genyen ankò, se mwen ki te pi piti, sa vle di lè yo finn tire lèt ki pral bouyi a, yo banm pran yon tete epi pi gran yo rete, e m pran galon lèt la pou m pote lakay.

    Sa w dwe konnen tou, nan bouyi lèt la konn gen diskisyon. Li te konn fèt pou 2 ( de) bagay : kim lèt la ak graten lèt la. Mwen menm se kim lèt la ki entèrese m. Mwen ak louch mwen nan menm m ap veye lè lèt la moute, sa vle di li fè kim pou m pase louch la pou m pran kim lèt la pou m bwè. Souvan, si m jwenn kim nan graten an se pou kouzenm nan e si kouzenm nan jwenn kim nan graten an se pou mwen.

    Tete dèyè a manke m anpil paske se te yonn nan bagay ki te ba w anvi al pase vakans. Ti bèf yo manke m paske te gen yon relasyon ant men w ak tèt ti bèf yo lè w ap fè l konte tete yo. Diskisyon anba manmèl la manke m paske anba vant bèf la se te yon konbit ant neve ak tonton epi kouzen, pafwa zanmi. Anba vant bèf la te gen yon relasyon egal ego. Mwen te gen chans viv anba bèf la. Mwen te gentan jwi ti bèf la. Mwen espere jenerasyon k ap vini yo ap jwenn tete pa yo a.

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Kilti m se zam mwen ! #2

    Kilti m se zam mwen ! #2

    Kilti a se yon ansanm ki konplèks paske li gen ladan li konesans, savwafè, kwayans, atizana, pozisyon moral, dwa, koutim, lwa ak tout lòt kapasite ak abitid èt imen an enkilke nan li kòm manb andedan sosyete a. Nan kontèks sa a, kilti a anglobe nan yon fason jeneral tout endividi nan espas la. Si li enposib pou èt la viv andeyò espas la, enbyen kilti a fasone vi tout moun kèlkeswa sosyete w ap evolye a.

    Ki danje ki genyen lè nou kriminalize kilti yon pèp oubyen lè nou djabozile l?

    An Ayiti, toujou gen yon baryè parapò ak kilti nou, toujou gen yon fason ke moun k ap viv andedan sosyete a kriminalize ak djabolize kilti a. Youn nan rezon ki koz sa yo, se yon mank konesans sou kilti a ak enpòtans li genyen nan devlopman endivi a andedan sosyete a. Li enposib pou nou disosye èt la ak kilti a paske li se tout bagay ki konstitye endivi a. Mwen kapab di san kilti ou gen yon sijè enkonplè.

    Youn nan bagay ki fè ke sosyete a kriminalize ak djabolize kilti nou se yon kesyon relijye, men si moun yo te konnen ke ou pa ka relijye san ou pa gen yon kilti, yo t ap gen yon lòt apwòch de kilti Ayisyèn nan. Se pou rezon sa a, li fondamantal pou gen yon konvèzasyon entèrelijye jan Jacques Dupuis di li. Li menm avanse pou l fè konprann ke dyalòg sa a enpoze l ak nou tout paske nou se pitit menm kreyatè, nou gen menm orijin e nou gen menm destine.

    Donk, kriminalize kilti nou, fè ke nou pa jwi de bèlte ki genyen nan peyi a. Si n ap konsidere literati a fè pati de kilti a, sa vle di li yon bon liv san ou pa bezwen konnen kwayans otè a kapab ede w avanse kiltirèlman. Mizik nou yo, dans nou yo, sous dlo nou ak rivyè nou yo, kafou nou yo, rara, azaka, gagè, yo tout elatriye fè pati de kilti nou.

    Men kesyon vodou a se youn nan aspè fondamantal ki koz anpil nan nou refize ale nan yon ansanm de aktivite, andwa oubyen menm asiste ak yon ansanm de anbyans ki kapab ede nou devlope sou yon ang kiltirèl. Men si nou konsidere vodou a kòm yon eleman kiltirèl, nou kapab rive ak yon konklizyon ke tout Ayisyen gen vodou a nan yo, paske pa gen endivi san kilti, e pa gen yon fason ou kapab fraksyone kilti a pou w di men sa w ap pran ak menm sa w ap jete. Nan kontèks sa a, kòm eleman kiltirèl nou tout genyen l nan nou.

    Menm jan Dr. Jules Casseus di l la, se pa paske ou kretyen ki fè ou efase tout tras vodou a nan ou, menm ke ou fèt nan yon fanmi kretyèn vodou a toujou enfliyanse w kòm eleman kiltirèl nan fason nou panse, nan fason nou aji ak nan fason nou viv an jeneral. Donk pou nou akonpli misyon nou nan sosyete a li enpòtan pou nou mete an valè tout sa ki gen a wè ak kilti nou. Dayè, Hans Kung deklare ke lòm nan pa dwe viv nan yon fason inimèn men li dwe viv imènman, sa vle di li dwe akonpli misyon l nan limanite nan tout enplikasyon l, tout dimansyon ak tout nivo. Sa fè nou konprann prive endividi a de kilti li se fè l viv yon vi medyòk.

    Se pou sa li enpòtan pou pratik nou yo reflete kilti nou, tradisyon nou, mès nou, mit nou, istwa nou, tout sa ki fè nou Ayisyen, manje nou yo, dans nou yo, elatriye.

    Jounen jodi a, lè nou gade peyi nou, menm aksè ak kilti a nou ka di nou pa genyen, e nou pa fè efò tou pou kreye l. Tankou ale nan sinema pa egziste ankò e nou konnen ki enpòtans sinema a genyen kòm lwazi e kòm aspè kiltirèl. Teyat, konsè, restoran, ale nan libreri, bibliyotèk, vizite sit touristik yo, elatriye. Se ansanm bagay sa yo ki kontribye nan fòme endivi a, e tout mank sa yo gen yon reflè dirèk sou kalite moun n ap pwodwi pou Ayiti.

    Daprè UNESCO, kilti a nan yon sans laj konsidere kòm yon ansanm trè distenk, espirityèl, materyèl, entèlèktyèl e aktif ki karakterize yon sosyete oubyen yon gwoup sosyal. Se poutèt sa, nan tout sosyete ki vle kite yon demen miyò pou sila k ap vini yo, toujou mete kilti yo an valè paske yo konnen ki efè sa genyen sou èt la andedan sosyete a. Se sa ki fè yo gen yon politik kiltirèl, yo pèmèt ke kilti a aksesib ak tout kouch sosyal yo. Lè n ap gade pa bò lakay nou, nou ta ka di nou se yon jenerasyon ki grandi san kilti.

    Men youn nan rezon ki koz kilti a pa aksesib ak popilasyon an, fòk nou pa bliye n ap viv nan yon sosyete de konsomasyon, kote ke tout bagay gen yon pri, e majorite moun nan peyi a nan chomaj. Malgre leta a pa gen oken politik kiltirèl pou peyi a, e yo pa pèmèt non plis ke moun yo gen aksè pou yo travay, o mwen endividi a ta bay tèt li aksè a. N ap mande tou, èske moun ki nan leta yo kiltive, èske yo konnen enpòtans kilti a genyen nan devlopman èt la.

    Leta pa pran swen sit touristik nou yo, yo pa kreye kondisyon pou moun yo al vizite yo, leta pa kreye lokal pou moun al nan sinema, prèske pa gen mize, pa gen bibliyotèk , night club nou yo prèske pa egziste, e sa ki genyen yo moun yo pa gen mwayen pou yo jwenn aksè ak yo. Sa vle di nou gen yon sosyete ki apovri nan tout entegralite l. Youn nan kouch nan sosyete a nou ta kapab di ki ta youn nan pi gwo konsomatè kiltirèl se jèn yo malgre absans leta a. Ou santi tou jèn yo gen lòt prewokipasyon, men kesyon kilti a pa entèrese yo. Yo jis ap chache tout sa ki fasil ki pa kontribye nan devlopman newonal yo.

    Si se avèk kilti a lòm nan kapab panse pou yon sosyete miyò, kòman nou ka reve yon Ayiti miyò pandan nou pa gen yon politik kiltirèl, pandan moun ki ta dwe ap panse kilti pou sosyete a pa gen kilti li menm. Lè nou konnen ki enpòtans kilti a genyen nan kesyon idantite nou, jounen jodi a nou ka di se rezilta yo n ap viv la a. Pa janm gen yon gouvènman ki vini ak yon pwojè e yon vizyon pou fè yon piblisite sou enpòtans ak nesesite kilti a genyen nan konstriksyon èt la. Nou kapab di pwoblèm kiltirèl la se youn nan eleman ki kontribye nan fè nou pèdi reyèlman idantite nou.

    Se pa pou san rezon konpatriyòt nou yo vle tout bagay, men mwens Ayisyen, paske yo pèdi koneksyon ak kilti yo, donk yo dekonstwi kiltirèlman. Sa fè nou pa konn kiyès nou ye e nou rive adapte nou ak tout sa ki vin jwenn nou. Nou rive nan yon faz ou ta di nou tèlman grangou tout manje ki vin devan nou, nou manje l. Depi plizyè deseni nou pa valorize kilti nou tou, nou gen enpresyon ke nou wont de sa nou ye e sa anpeche n afiche eritaj kiltirèl nou yo.

    Men se yon travay ki pa fèt. Lè nou konsidere ke valorize kilti a ta dwe yon travay entèlèktyèl, sa fè nou santi klas entèlèktyèl peyi a pat janm ap panse pou yon demen miyò, men yo te toujou ap chache manje. Yon elit entèlèktyèl grangou pa ka pwone kilti paske yo alyene nan chache valorizasyon nan men etranje.

    Se tris pou sinema a ki se yon mwayen ki te kapab itilize pou pèmèt gen yon transmisyon kiltirèl ki fèt, men jounen jodi a se feyton ki ranplase sinema a, se youtube ki ranplase lokal pou moun al gade fim. Kòman ou vle gen yon sosyete kote moun yo kapab kowabite e viv an amoni lè nou pa gen oken pwen de rankont. Kanaval ki se youn nan evenman kiltirèl ki pi gran ke nou konn fè deplase kite peyi a. Moun k ap chache manje yo pa janm di anyen paske sa pa enpòtan pou yo.

    Nou rive konprann pou Ayiti repran chemen granmounite a dwe gen yon maryaj kiltirèl ak edikasyon ki fèt e k ap rive ba nou vrè endepandans reyèl la. Lè sa a, n ap gen Ayisyen ki konnen sa yo vo e k ap fyè pou yo vann sa yo genyen ak sa yo posede : istwa nou, lang nou, vodou a, patrimwàn touristik nou yo, mizik nou yo, elatriye.

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Hayti aux Haytiens: quand la lucidité de 1884 condamne la lâcheté d’aujourd’hui.

    Hayti aux Haytiens: quand la lucidité de 1884 condamne la lâcheté d’aujourd’hui.

    Il est des voix qui traversent les siècles non pour être admirées, mais pour être obéies. Louis Joseph Janvier est de celles-là. En 1884, il ne parlait pas à une Hayti faible, mais à une Hayti déjà menacée par ce mal chronique que nous appelons aujourd’hui, avec trop de pudeur, la dépendance.

    Il arrive un moment dans l’histoire d’un peuple où se taire devient une trahison. Hayti vit ce moment depuis trop longtemps. Et ce silence n’est pas celui du peuple il est celui des élites. Louis Joseph Janvier, dès la fin du XIXᵉ siècle, avait déjà tout dit. Tout prévu. Tout dénoncé. Ce qui se déroule aujourd’hui sous nos yeux n’est pas une crise imprévisible: c’est l’exécution méthodique d’un scénario ancien, écrit par la lâcheté interne et validé par l’arrogance externe.Car il faut le dire sans détour: Hayti n’est pas seulement victime de l’impérialisme; elle est victime de l’abdication de ses propres fils.

    Lorsqu’un État cède un morceau de son territoire, ce n’est pas un acte administratif: c’est un acte de suicide politique. La Gonâve, la Tortue, Navase ces terres ne sont pas de simples espaces géographiques. Elles sont des verrous stratégiques, des symboles vivants de l’indépendance conquise par le sang. Les livrer à des intérêts étrangers, sous forme de concessions, de fermages ou de partenariats douteux, revient à déclarer au monde que nous ne croyons plus en nous-mêmes.

    Louis Joseph Janvier parlait déjà de honte. Aujourd’hui, ce n’est plus de la honte: c’est une habitude.On justifie ces abandons au nom de l’incapacité: incapacité à sécuriser, à gérer, à exploiter, à développer. Mais à qui profite ce discours? Certainement pas au paysan haytien. Certainement pas à la nation. Il profite à ceux qui veulent faire passer la dépossession pour une solution, la tutelle pour un progrès, l’humiliation pour une coopération.

    LE PLUS GRAND MENSONGE: “HAYTI EST PAUVRE”

    Hayti n’est pas pauvre. Hayti est pillée, désorganisée et mentalement sabotée. Janvier l’avait compris avec une lucidité féroce: les capitaux existent, mais ils sont cachés, enterrés, immobilisés par la peur et l’instabilité. Et cette instabilité n’est pas naturelle. Elle est produite, entretenue, instrumentalisée.

    On refuse de garantir la paix, puis on affirme que les Haytiens n’investissent pas. On refuse de créer des banques nationales solides, puis on affirme que l’argent manque. On refuse de discipliner l’économie, puis on ouvre grand la porte aux institutions étrangères qui viennent prêter à des conditions humiliantes. C’est un cercle vicieux volontaire. Le véritable crime des élites haytiennes n’est pas l’incompétence. C’est la complicité.

    Les “amis d’Hayti”: une longue histoire de prédation

    Hayti n’a jamais manqué d’amis autoproclamés. Ils arrivent toujours avec des discours sucrés, des promesses généreuses, des projets clés en main. Janvier les appelait déjà les beaux diseurs. Aujourd’hui, on les appelle ONG, experts internationaux, missions spéciales, partenaires techniques.

    Mais le mécanisme reste le même:

    On encense le peuple haytien.

    On le décrit comme courageux mais incapable.

    On propose de “l’aider” en décidant à sa place.

    On repart avec les terres, les ressources, l’influence.

    Et pendant ce temps, le paysan est exploité, pressuré, puis abandonné.

    HAYTI AUX HAYTIENS : UNE DOCTRINE, PAS UN SLOGAN

    Il faut être clair: “Hayti aux Haytiens” n’est ni un cri émotionnel ni une formule folklorique. C’est une ligne politique. Une frontière morale. Une exigence historique.

    Cela signifie:

    que la terre haytienne appartient aux Haytiens,

    que ses richesses doivent être exploitées par des Haytiens,

    que les concessions ne doivent jamais être transférables à des étrangers,

    que quiconque veut profiter durablement d’Hayti doit accepter d’en devenir citoyen, avec devoirs et responsabilités.

    Tout le reste est une escroquerie intellectuelle.

    LE PEUPLE HAYTIEN N’A JAMAIS ABDIQUÉ — SEULS SES REPRÉSENTANTS L’ONT FAIT

    À quel moment le peuple haytin ae-t-il déclaré son incapacité à se gouverner? À quel moment a-t-il demandé qu’on pense à sa place, qu’on décide à sa place, qu’on administre sa misère? Jamais.

    Nos ancêtres ont créé cette nation sans emprunts, sans FMI, sans banque mondiale, dans des conditions infiniment plus hostiles que celles d’aujourd’hui. Ils ont payé en or, en sueur et en sang le droit de rester debout dans un monde raciste qui ne voulait pas d’eux.Dire aujourd’hui que nous ne pouvons pas faire ce qu’ils ont fait, c’est insulter leur mémoire.

    À qui le peuple haïtien a-t-il dit qu’il abdiquait? À qui a-til confié qu’il ne pourrait rien faire par lui-même ? Nos pères, il me semble, ont créé tout seuls la nation haïtienne tout seuls, sans emprunts, ils ont payé de l’or qu’avait produit leurs sueurs le droit de vivre indépendants ; ils nous ont laissé ce coin de terre afin qu’il y eût un endroit dans le globe où l’on ne peut cracher impunément à la face de la race noire. Maintenons les traditions. Puisque nous avons su naître et croître tout seuls, matériellement et intellectuellement, nous pouvons vivre et croître tout seuls, matériellement.Louis Joseph Janvier.

    La véritable bataille est mentale.Janvier l’avait compris: c’est par le cerveau que l’homme se conquiert Nous donnons à la France le cerveau de nos enfants. Elle l’ensemence de ses idées. Il suffit. C’est à nous de faire le reste. Et c’est précisément là que Hayti est attaquée. On exporte l’intelligence haytienne, on formate la jeunesse ailleurs, on importe des modèles qui ne correspondent ni à notre histoire ni à notre réalité, puis on s’étonne de l’échec.Une nation qui ne pense pas par elle-même est condamnée à exécuter les projets des autres.

    Assez de mendicité. Produisons. Grandissons.

    La radicalité véritable n’est pas dans les discours enflammés. Elle est dans la patience stratégique, dans la production nationale, dans le refus des solutions faciles. Les grandes nations ont attendu. Elles ont consolidé. Elles ont protégé leur sol, leur peuple, leur avenir.

    Hayti doit faire de même même si cela dérange, même si cela fait hurler les “amis”, même si cela coûte à court terme.Il n’y a plus de place pour l’ambiguïté. Soit Hayti décide d’être maîtresse chez elle, soit elle accepte de disparaître lentement sous administration étrangère permanente.

    En vérité, Janvier nous tend un miroir. Et ce miroir est cruel. Il nous rappelle que l’avenir n’appartient qu’aux peuples qui savent prévoir, prévenir et agir. Hayti ne manque ni d’intelligence, ni de courage, ni de mémoire. Elle manque de sérieux. Or, être sérieux, pour un peuple, c’est refuser les contrats humiliants, c’est savoir attendre, c’est produire, c’est penser par soi-même.

    Tant que cette leçon ne sera pas gravée dans l’âme du paysan, du soldat, du député, du ministre et de l’intellectuel, Hayti continuera d’être administrée comme un échec. Mais le jour où nous comprendrons enfin que la souveraineté n’est pas un héritage passif, mais une conquête permanente, alors nous serons dignes de ceux qui, en 1804 comme en 1884, ont refusé de s’agenouiller.

    Hayti le peut. À condition d’avoir le courage de rompre.

    Ref.HAÏTI AUX HAÏTIENS (1884) Louis Joseph Janvier 1855-1911 Journaliste, romancier, historien et diplomate haïtien

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Blaze One : yon flanm ki pa mande pèmisyon pou limen.

    Blaze One : yon flanm ki pa mande pèmisyon pou limen.

    Gen atis ki chante pou pase tan. Gen lòt ki chante pou fè lajan. Men gen atis ki chante paske yo pa ka fè silans devan reyalite sosyete yo ap viv. Blaze One se youn nan dènye kategori a.

    Listwa mizik ayisyèn nan pa janm manke talan. Sa ki toujou manke, se kouraj pou rekonèt yo. Ant bri, piblisite, estrateji mache ak jwèt enfliyans, anpil vwa reyèl pèdi nan silans. Blaze One se youn nan vwa sa yo: prezan, konsistan, angaje, men sistematikman yo mete sou kote.

    Pale de Blaze One jodi a se pa fè yon jès emosyonèl. Se poze yon kesyon serye sou direksyon mizik ayisyèn nan, sou wòl medya yo, sou fason nou chwazi mete limyè sou kèk atis pandan nou kite lòt yo kache dèyè sèn nan malgre pwofondè ak onètete travay yo.

    Blaze One pa yon atis loray kale. Li pa yon aksidan. Li se rezilta yon chwa, chwa pou pa fè mizik kòm distraksyon, mizik vid, men kòm zak temwayaj. Pawòl li yo pa fèt pou danse konsyans, men pou reveye li. Se poutèt sa li pa konfòtab, li pa fasil pou vann, li pa toujou jwenn mikwo, li pa toujou jwenn sosyete ap onore li. Malgre sa, plim li kontinye ap ekri listwa, vwa li pa sispann chante espwa pou yon demen miyò e sekwe nou nan koma nou ye a.

    Nan yon epòk kote anpil atis ayisyen ap chache adapte tèt yo ak tandans ekstèn, lage yo nan tout sa ki fasil, chante sèlman sou seksyalite, sou tematik ki pa reflete kondisyon sanblab nou ap viv yo, Blaze One rete anrasinen nan pote vwa sa ki fèb yo. Li pa imite. Li pa kopye. Li pa chache apwobasyon algoritm ni validasyon platfòm. Li pale ak pèp li, nan lang li, ak doulè li, ak kesyon li yo. Sa fè li vin yon atis ki mande efò pou tande. E jodi a, efò pa alamòd.

    Nan yon “endistri” mizik ayisyèn kote anpil moun prefere imite olye yo inove, kote bri souvan kouvri sans, kote imaj souvan pi enpòtan pase mesaj, Blaze One chwazi chemen ki pi difisil la : rete fidèl ak konsyans li. Blaze One pa yon non ki tounen refren nan bouch animatè radyo yo, li pa yon figi medya ap prezante maten, midi, aswè. Men li se yon vwa : yon vwa ki soti fon nan trip sosyete a, yon vwa ki pa kache, yon vwa ki pa pran poz, yon vwa ki pa mande pèmisyon pou li di laverite.

    Souvan, kèk ayisyen ap mande tèt yo : poukisa Blaze One pa p woule tout kote nan peyi a ? Poukisa Blaze One pa envite sou tout platfòm k ap pale mizik ?

    Poze kesyon sa a yo se fè sanblan nou pa konnen reyalite medya an Ayiti. Repons la senp kou dlo kòk : medya yo ap travay pou kontinye dekonstwi sosyete a. Yo pa gen ajanda pou gide popilasyon an sou yon bon chimen. Ou ka konte sou dwèt ou konbyen medya ki pa p vann debòch, imoralite ak salte andan sosyete ayisyèn nan. Se poutèt sa, pwomote yon atis tankou Blaze One se ale kont enterè yo paske yo pa t janm gen misyon pou kontribye nan bati yon pi bon sosyete pou tout moun viv byen ladan.

    Si gen yon bagay ou ta dwe konnen, mizik pa janm inosan. Li fòme imajinè. Li modle langaj. Li konstwi referans. Li kontribye nan kenbe tradisyon nou vivan. Li ede nan fè nou konpran tèt nou, sa vle di, sa nou ye, sa nou reprezante e kisa nou ka kontinye fè ansanm pou grandè ak pwosperite peyi nou. Li fè sans, lè yon atis tankou Blaze One pa gen plas li merite andan sosyete a. Paske gen yon sistèm ki programe nou pou fè nou jete byen lwen sa ki fè pati de nou menm, sa ki ka ede nou konprann eta nou e kòman nou gen pouvwa pou chanje reyalite n ap fè fas yo. Se poutèt sa, lè nou fè silans sou atis tankou Blaze One, nou pa sèlman inyore yon moun, nou diminye wòl mizik la andan sosyete nou an.

    Si gen yon bagay enpòtan pou nou pa janm bliye, Blaze One fè pati tradisyon atis ayisyen ki konprann mizik kòm responsablite moral. Nan liy sa a, atis la pa senpleman yon animatè foul. Li se yon temwen epòk li. Yon vwa ki pale lè lòt yo pè. Yon konsyans ki raple ke atizay pa dwe pèdi sans li. Se pou rezon sa a, li pa bezwen fo piblisite pou egziste. Travay li deja la. Travay li pale pou li. Li reziste. Li kontinye. E se sa ki pi enpòtan.

    Blaze One se flanm dife nan mitan sann. Li se vwa ki leve lè mikwo yo etenn. Li se pwezi ki mache pye atè nan labou reyalite a pou dekri sa moun ki pi matirize nan sosyete a ap viv. Pandan anpil medya ap chwazi repete menm non yo, pandan yo kontinye ap fabrike “vedèt” olye yo revele talan. Blaze One kontinye fè sa atis dwe fè: temwaye epòk li.

    Depi nan Remèd fèy yo rive jouk nan devwa sivik, pase nan Federal pou rive nan Panse pou pèp, Blaze One pa chante Ayiti kòm yon kat postal, li chante Ayiti jan li ye a : blese, men vivan. Fatige, men kanpe. Twompe, men toujou ap chache verite. Nan pawòl li, gen kòlè, gen tristès, men gen espwa.

    Si gen yon bagay istwa mizik ayisyèn lan deja montre nou, se pa toujou atis medya yo pouse ki make jenerasyon yo. Souvan, se sa yo inyore yo ki ekri verite a pi klè. Jodi a, pale de Blaze One, se pa fè piblisite, se fè jistis. Se raple ke mizik ayisyèn nan pa dwe tounen yon espas vid, san memwa, san konsyans, san rasin. Se raple ke gen atis ki chwazi chemen difisil la paske yo renmen pèp yo plis pase aplodisman. Men kòm sosyete, kòm medya, kòm konsomatè kilti, nou gen yon devwa : pa kite silans nou konplis nan toufe vwa k ap chante reyalite nou. Mete limyè sou Blaze One, se pa fè favè. Se rekonèt merit li genyen. Se bay mizik ayisyèn nan respè li merite.

    Nou swete Blaze One kontinye ekri pou listwa, menm si listwa pa toujou prese louvri pòt li. Nou swete li kontinye chwazi pawòl ki lou olye pawòl ki fasil. Nou swete li kontinye rete fidèl ak rasin li, ak pèp li, ak verite li. Paske atis ki ekri pou listwa pa bezwen anpil espas pou li layite. Tan toujou fini pa tande yo e onore yo. E lè jou a rive, Blaze One ap deja la, pa kòm yon bri ki pase, men kòm yon vwa ki rete.

    Blaze One se yon flanm ki pa mande pèmisyon pou limen. Se pou rezon sa a, pawòl li gen memwa, gen blesi kolektif, gen kesyon sou idantite, sou enjistis, sou lanmou, sou trayizon, sou listwa ak espwa. Yon pawòl vivan e lib.

  • Le jour où l’ennemi cessera d’exister en Hayti: chronique d’une société qui gagnera enfin sa plus grande bataille, celle de l’intérieur.

    Le jour où l’ennemi cessera d’exister en Hayti: chronique d’une société qui gagnera enfin sa plus grande bataille, celle de l’intérieur.

    Dans quelques années, il n’y aura plus d’ennemis en Hayti. Ni ennemis intérieurs, ni ennemis importés. Plus d’ingérence déguisée en aide, plus de traîtres travestis en élites, plus de divisions savamment entretenues pour affaiblir notre conscience collective. Il n’y aura que des Haytiens debout, lucides, réconciliés avec eux-mêmes et avec leur mission historique.

    Cette affirmation peut sembler naïve à ceux qui ont fait du pessimisme une profession, à ceux qui vivent de la désespérance du peuple, à ceux qui ont intérêt à ce qu’Hayti reste un champ de ruines morales et politiques. Pourtant, c’est précisément dans les moments les plus sombres que naissent les visions les plus justes.

    Hayti n’a jamais manqué de courage. Elle a manqué de clarté. Clarté sur qui nous sommes. Clarté sur qui sont nos véritables ennemis. Et surtout, clarté sur le fait que l’ennemi le plus durable n’a jamais été l’autre Haytien, mais la division implantée dans nos esprits.

    Pendant trop longtemps, on nous a appris à nous méfier les uns des autres. Nord contre Sud. Ville contre campagne. Diaspora contre pays natal. Pauvres contre pauvres. Pendant que nous nous affrontions, d’autres décidaient pour nous. Pendant que nous nous soupçonnions, d’autres nous dépouillaient. Mais cette époque touche à sa fin.

    Une nouvelle conscience est en train d’émerger. Silencieuse, profonde, irréversible. Une conscience qui comprend que l’ingérence étrangère ne prospère que là où la division règne. Une conscience qui sait que la trahison n’est possible que lorsque la mémoire collective est faible. Une conscience qui refuse d’être manipulée par la peur, l’ethnicisation des conflits ou la politique de la haine.

    Comme le disait Manuel dans Gouverneurs de la rosée de Jacques Roumain:« Il n’y aura plus d’ennemis à Fonds-Rouge. » Cette phrase n’est pas un simple espoir littéraire. C’est un programme politique, moral et spirituel. À Fonds-Rouge, l’ennemi n’était pas l’autre paysan, mais la sécheresse et l’ignorance imposée. La réconciliation n’est venue ni par la force ni par la vengeance, mais par la prise de conscience d’un destin commun.

    Hayti est aujourd’hui le Fonds-Rouge à l’échelle nationale.

    Notre sécheresse, ce n’est pas seulement le manque d’eau. C’est la pénurie de sens, la famine de vision, l’absence de projet collectif. Et notre source ne viendra ni des chancelleries étrangères ni des solutions importées clé en main. Elle jaillira de notre capacité à nous reconnaître comme un même peuple, porteur d’une même responsabilité historique. Dans quelques années, il n’y aura plus de traîtres, parce qu’il n’y aura plus d’espace pour la trahison. La trahison meurt là où le peuple est éveillé.

    Il n’y aura plus d’ingérence, parce qu’un peuple conscient est ingouvernable de l’extérieur. Il n’y aura plus de divisions, parce que la division cesse lorsque la mission est claire. Il y aura simplement des Haytiens conscients. Conscients que 1804 n’était pas une fin, mais un commencement. Conscients que reconstruire Hayti commence par reconstruire l’être haytien. Conscients que notre plus grande révolution à venir n’est ni militaire ni électorale, mais mentale et morale.

    Ce jour-là, l’ennemi disparaîtra, non pas parce qu’il aura été vaincu par la violence, mais parce qu’il aura perdu toute prise sur nous. Et alors, comme à Fonds-Rouge, l’eau recommencera à couler.


    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Mwen chwazi Ayiti!

    Mwen chwazi Ayiti!

    Gen kesyon ki pa senp. Gen repons ki pa dous. Gen chwa ki pa fèt ak kè ki lejè, men ak konsyans ki peze lou. Kesyon an tonbe tankou yon kout wòch : Ant Ayiti ak fanmi w, kisa w t ap chwazi? Ant Ayiti ak madanm ou ki sa w t ap chwazi ? Ant Ayiti ak Pitit ou kisa w t ap chwazi ? ant Ayiti ak Manman w kisa w t ap chwazi ? E mwen pran yon poz, mwen respire… e mwen di : mwen chwazi Ayiti.

    Men kisa sa vle di ? Sa pa vle di mwen pa renmen fanmi m. Sa pa vle di san ki nan venn mwen vin frèt. Sa pa vle di mwen pi sen pase yo. Sa pa vle di yo pa enpòtan. Non. Li vle di gen yon bagay ki depase mwen, yon bagay ki depase nou, yon bagay ki rele devwa, ki rele rasin, ki rele istwa.

    Fanmi se kò. Ayiti se nanm. Fanmi se branch ki fleri sou pye bwa a. Men Ayiti se pyebwa a ak rasin ki fouye fon nan tè ak kòf ki pran kout rach listwa, ak fèy ki tonbe men ki toujou retounen.

    Fanmi m, mwen pote yo nan kè m. Ayiti, mwen pote li nan san m, nan nanm mwen. Chwazi Ayiti, se pa vire do bay fanmi. Se pwoteje avni yo. Se asire pitit yo yon demen ki gran, diy, fyè e pwospè. Mwen p ap ka sipòte kesyon sa a : Papa, kote ou te ye lè Ayiti t ap plonje a?

    Pou mwen menm, gen yon verite sakre : Lè ou sove Ayiti, ou sove fanmi w ladan l. Men, lè ou kraze l, fanmi w vin pousyè ladan l.

    Ki sa w ta chwazi? Mwen chwazi Ayiti paske se Ayiti ki fè fanmi m posib. Se li ki fè non m gen sans. Se Ayiti ki ban m vwa pou m pale, dèy pou m kriye, chan pou m espere. Mwen chwazi Ayiti paske fanmi pa grandi nan dezè. Yo grandi sou yon tè. Mwen refize kite tè sa a vin simityè rèv yo.

    Ant Ayiti ak fanmi m… Kè m tranble, men konsyans mwen klè : Mwen chwazi Ayiti. Pou fanmi m. Pou peyi a. Pou tout moun ki p ap janm jwenn kouraj pou di l. Pou tout moun ki pè, ki bouke, ki dekouraje. Pou tout moun ki swete yon demen gran, diy, fyè e pwospè.

    Chwa mwen pou Ayiti pa soti nan yon kè ki brize, men nan yon kè ki reveye. Se pa yon zak kont fanmi, men yon zak pou limanite ki vin aprè nou. Se yon chwa ki antre nan menm liy ak tout pèp ki te leve kont laperèz yo pou defann diyite yo.

    Chak jenerasyon gen misyon pa yo. Gen jenerasyon ki te koupe chenn. Gen lòt ki te leve drapo. Nou menm, misyon nou se redrese lespri, leve nasyon, ranmase tout ti moso limanite ki gaye nan konkou malè, epi ranje yo nan yon sèl mo : Ayiti.

    Si mwen chwazi Ayiti se paske mwen konprann ke peyi a p ap chanje si pèp li a kontinye fè chwa fasil la. Se paske mwen refize kite politik rete nan men mechan, e filozofi rete nan liv. Se paske mwen kwè pwezi kapab vin zam, e konsyans kapab vin revolisyon.

    E si demen pitit pitit mwen mande m : Pouki ou te chwazi Ayiti sou fanmi w?
    M ap reponn yo konsa :Paske yon moun ki abandone peyi li se tankou yon pyebwa ki abandone rasin li. Li ka fleri yon ti tan, men li p ap janm viv pou lontan.

    Mwen chwazi Ayiti pou diyite pèp mwen an, pou sa nou reprezante nan mond la e pou grandè zansèt nou yo.

    Auteur : Pierre-Erick
    Bruny |  Avocat Pénaliste et chercheur en
    philosophie | Conférencier | Citoyen engagé pour une nouvelle Hayti.

  • Lettre ouverte à Henry T. Wooster

    Lettre ouverte à Henry T. Wooster

    Lettre ouverte à Henry T. Wooster,
    Chargé d’Affaires des États-Unis en Hayti

    Monsieur Henri T. Wooster,

    Je vous écris sans détour, sans filtre et sans cette diplomatie hypocrite que vous utilisez comme voile. Permettez-moi d’aller droit au but: Que faites-vous réellement en Hayti? Quel rôle prétendez-vous jouer dans un pays dont vous ne portez ni l’histoire, ni la souffrance, ni la dignité ?

    Je ne vous écris pas pour défendre vos serviteurs, vos marionnettes locales, ni ceux qui vivent à genoux devant l’ambassade américaine pour un sourire, une photo ou un visa. Je vous écris pour défendre Hayti, sa souveraineté, et l’honneur d’un peuple qui refuse de mourir. Notre histoire est une histoire de grandeur, de dignité et de fierté. Une histoire forgée dans la flamme de la liberté et de la résistance contre les empires.

    Les États-Unis n’ont pas cette histoire-là. Vous n’avez jamais connu la solitude d’un peuple qui se libère seul. Hayti si. Et cela, vous ne pourrez jamais l’effacer.

    Aujourd’hui, vous accusez certains conseillers présidentiels d’être liés à des gangs, et vous brandissez la coupure de visas comme un instrument de pression politique. Mais parlons franchement: Qui a organisé ces gangs? Qui les a renforcés? Qui les a équipés, armés, financés, protégés, utilisés comme instruments d’instabilité? C’est vous. Ce sont vos politiques de “sécurité”, vos alliances stratégiques, vos interventions unilatérales, vos décisions sélectives et vos réseaux obscurs qui ont plongé ce pays dans le chaos. Et aujourd’hui, vous venez jouer les moralistes? Vous accusez, vous pointez du doigt, vous sanctionnez ?

    Vous n’êtes pas crédible. La coupure de visas n’est pas un acte diplomatique: c’est une ingérence. C’est une pression politique. C’est un message de domination.

    Mais voici la réponse d’Hayti. Nous ne construirons jamais notre avenir sur la base des visas américains. Vous pouvez retirer tous les visas que vous voulez; vous ne retirerez jamais la mémoire, le courage et la souveraineté d’un peuple qui ne renonce jamais à son devoir de protéger l’héritage de ses ancêtres.

    Un jour viendra et il approche où le peuple haytien, conscient de son histoire et de sa force, se lèvera pour dire clairement : « Hayti appartient aux Haytiens ». Ce jour-là: ce ne seront ni vos sanctions, ni vos communiqués, ni vos pressions qui décideront de notre avenir. Ce ne seront ni vos intérêts géopolitiques, ni vos alliances de l’ombre qui orienteront notre destin. Mais, c’est Hayti qui renaîtra de sa propre force, pas de votre approbation.

    Recevez donc cette lettre comme un rappel ferme et direct: Votre présence en Hayti ne vous donne aucun droit moral, historique ou politique d’humilier notre histoire dirigée par nos valeurs ou d’utiliser vos outils diplomatiques comme armes d’influence.

    Nous n’attendons rien de vous, mais nous exigeons au minimum le respect. Pour notre histoire, pour la Nation, pour la Mémoire, pour la Dignité.

    Hayti vivra.
    Hayti se lèvera.
    Hayti se tiendra debout sans vous.